Texte et Vidéo | Fritz Jean : Mesaj pou nasyon an

0
1505

Pèp Ayisyen

Frèm Ak Sèm yo

Jodi a n ap viv yon sitiyasyon trajik. Lopital ap fèmen pòt yo, moun ap mouri tribò babò. Nou nan yon kafou istorik ki ekzije nou gade sa nou fè de «listwa grandyoz » zansèt nou yo te trase.

Nan lane 1915, olye nou te jwenn KONSANSIS nan tèt ansanm, batay nan zafè enterè mesken ak pouvwa ant plizyè gwoup nan peyi a kreye Kawo e louvri pòt bay letranje vin pilonnen anba pye memwa zansèt yo.

Nan lane 1994, apre 3 lane rezistans pèp ayisyen te mennen kote anpil kamarad te tonbe pou demokrasi te ka boujonnen, olye nou te chèche jwenn yon KONSANSIS nan tèt ansanm, batay nan zafè enterè mesken, ekonomik ak politik te louvri pòt bay letranje yon lòt fwa ankò.

Nan lane 2004, olye nou te jwenn  KONSANSIS poun te fete bisantnè lendependans peyi DAYITI nan tèt ansanm ki se pi gwo senbòl fyète nou, nou te prefere, nan batay ant ti gwoup pou kontwòl enstitisyon LETA, louvri pòt bay letranje  vin sapata memwa zansèt yo.

Mwen vle nou tout sonje nan memwa KOLEKTIF nou, peyi zanmi yo te di entèvansyon sa yo ta pral simaye : demokrasi, jistis-sekirite, devlòpman ak lapè sosyal, men jodi a n ap rekòlte leta kraze plat atè, ensekirite, lamizè, chomaj, kolera ak grangou san parèy. Epi komanse nan lane 2004 pou rive mas 2016, entèvansyon MINISTA  koute peyi a plis pase 6.8 milya dola. Lajan ki te ka mobilize pou n konstwi wout, lekòl/Inivèsite, lopital elatriye.

KALFOU LAREZON dwe fè nou konprann se sistèm ekonomik eksklizyon e se nan tabli gouvènans tèt anba pou yon gwoup moun jwi de tout privilèj andan peyi a ki kreye bann moun pòv sa yo.

KALFOU LAREZON di nou jenn gason ak jenn fanm ki gen zam lagè sa yo nan nan men yo nan katye popilè yo pa gen okenn mwayen ak enfrastrikti pou yo enpòte zam ak minisyon, sa ta vle di yo gen patwon. Kisa nou fè ak patwon sa yo? Se wòl LETA poul konnen kiyès kap enpòte zam ak minisyon nan peyi a?

Peyi a bezwen bon jan konsansis nasyonal pou n adrese pwoblèm sistèm ekonomik ak movèz gouvènay ki kreye MONS sa yo anndan peyi a.

Frèm ak sèm yo

Se yon wont nasyonal pou nan lane 2022 kèk moun prefere ap mande e lòt moun ap tann entèvansyon kon tè sèk kap tann lapli olye yo travay pou yon konsansis sifizan pou nou vanse. Pandan y ap boule dosye gran kontribiyab nan DGI, anpil aktè majè pito lage yo nan entoksikasyon ak dyabolizasyon tan pou yo ta mete tèt yo ansamm pou n jwenn konsansis nou bezwen an.

KALFOU LAREZON an di se pa entèvansyon fòs etranje ankò kap ban nou chimen an, men se pito konsansis pou nou kanpe leta a ak bon jan gouvènay pou konstwi chimen pwogrè ak lapè sosyal.

Pou n fini, map lanse yon apèl bay tout sèktè nan peyi a pou nou tande rèl malad, fanm ak gason kap tonbe tribò babò anba bal, lekòl ki pa ka louvri pòt yo, moun kap pedi biznis yo. Pou pita pa pi tris ann tande larezon pou nou jwenn yon konsansis nasyonal pou n adrese pwoblèm nasyon an.

Viv akò Montana

Viv konsansis nasyonal

Viv AYITI

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.