Mouvman Leve Kanpe pou yon lòt Endepandans denonse vag represyon k ap fèt sou militan

0
777

Pòtoprens 27 sektanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Mouvman Leve Kanpe Pou yon Lòt Endepandans koube l byen ba pou salye tout òganizasyon, sitwayen fanm kou gason ki te pote kole nan 3 jou omaj nou te rann papa nasyon an Jean Jacques Desalinnes aprè move zak sèten moun te komèt sou moniman papa nasyon an.

Nou remèsye yon manyè espesyal, tout medya ki te kouvri evennman sa, tout moun ki te pote bèl bouke flè, moun ki te fè seremoni yo ak tout atis ki te pote kole pou te pèmèt reiysit total kapital 3 jou omaj sila yo. Yon gwo kout Ayibobo pou nou tout.

Nap raple obligasyon tout sitwayen fanm kou gason genyen pou kolezepòl, gonfle fòs nou pou rapouswiv gwo Batay zansèt nou yo jouk nou rive nan dezyèm endepandans lan ki dwe pèmèt peyi a soti anba grif meriken, grif Loni, anba enjerans Kògwoup kap toufe nou.

Pandan n ap bat yon gwo bravo pou tout popilasyon an anjeneral ki leve kanpe, mobilize nan tout depatman yo kont pouvwa kriminèl Ariel Henry a, kont ensekirite, kidnapin, kont ogmantasyon kriminèl pri gaz la, nou mande tout moun alawonbadè pote kole nan semèn mobilizasyon tout koulè k ap kap rapouswiv epi ranfòse apati lendi 26 sektanm nan.

Mouvman Leve Kanpe pou yon lòt Endepandans denonse vag represyon k ap fèt sou militan yo nan tout depatman nan peyi a nan lide pou entimide yo. Men gouvènman gang Phtk kògwoup la fè yon move kalkil paske tout pèp la klè sou nesesite pou rapouswiv goumen an.

Avni peyi nou, avni pitit nou yo chita sou reyisit goumen sila a. Kidonk pa gen fè bak. Batay la ap rapouswiv jouk nan bout.

Nou konstate pouvwa a panike se sa ki fè a chak fwa popilasyon an reyini pou li manifeste, se depi nan ze li voye lapolis vin tire bal ak gaz sou manifestan yo. Sa ki pi grav la, pouvwa a mete manda dèyè plizyè militan nan Jeremi ak Senmak paske y ap mobilize kont li.

Plizyè militan nan mawon akoz ajan pouvwa a k ap chache yo kou chen fou pou arete yo. N ap pwofite di Ariel Henry ak Core Group, okenn zak entimidasyon, gaz, grenn bal ak arestasyon pap fè nou pè. Nou fout bouke viv nan fatra, nan grangou ak nan ensekirite.

Se pou sa, nou envite tout peyi a kontinye Leve Kanpe jouk nou rive rapidman pouse do ekip kriminèl Core Group mete nan tèt leta a, epi mete kanpe yon lòt ekip gouvènmantal ki dwe ede pote repons pèp la ap ekzije yo. Viv lit pèp la !

Viv yon Ayiti gramoun !

Pou otantifikasyon
Josué MERILIEN
Kebert BASTIEN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.