Sénateur Steven Benoit contre un PHTK4 : « Mwen pap kowabite ak pyès kriminèl »

0
3721

Lundi 26 septembre 2022 ((rezonodwes.com))—Si Helen La Lime, chef Binuh, k ap koupe rache nan peyi Dessalines lan epi kap aranje l pou fòse fòme yon PHTK4 pou vin fè eleksyon malachonn nan peyi-a, pou kenbe systèm peze souse a, men bò kot ansyen Senatè Steven Benoit ki se Premye minis chwazi pa Akò Montana a, li klè kon dlo kòk.

“Mwen pa nan asosyasyon ak pyès malfekte” se sa mouche Benoit deklare lendi maten nan emisyon Booster ki di ke “li pa p trayi lit pèp la”.

Senatè a ki di “ke li rete atache ak Akò Montana a”, pa p antre nan pyès gouvènman ki gen Ariel Henry ladan l. Pou limenm ak anpil lòt moun nan peyi a k ap manifested depi plis ke yon mwa, Dòk Henry se yon kadav politik ki gate ke Madan La Lime ap eseye bay oksijèn nan defòme reyalite teren an devan mamb Konsèy sekirite LONI an.

Steven Benoit ki lese kwè ke souf li pa kout tankou anpil lòt moun k ap pran presyon nan men mouche blan sou konn se epòk esklav yo nou toujou ye, li pa la pou kore Binuh tankou jan manzè LaLime vle fè l la.

“Mwen pa gen entansyon ni pale ni negosye ak okenn mounn nan gouvènman an”, Steven Benoit di li sou menm longè ak pèp la ki klè nan revandikasyon l.

Ariel Henry ki pale dè fwa ak anpil awogans pa p ka vin fè pyès eleksyon pou satisfè Helen La Lime ki echwe e ki refize admèt ke li konplis nan eta Ayiti vini jodi-a.

“Mwen gen lòt vizyon, mwen konn sa pèp la vle, mwen renmen peyi’m”, se sa Benoit redi anko nan fen entevyou a sou Radyo Mega yon fason pou l di menm jan ak milyon lòt Aysyen a Madan La Lime pou sispann ak zafè Ariel Henry a, e ke li pa ka renmen Ayiti pi plis ke Aysyen yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.