Plizyè manb nan sektè medikal ayisyen an lanse yon petisyon pou mande demisyon PM Ariel Henry

0
2335

Sektè Medikal Aysyen an Apèl pou demisyon Dr Ariel Henry

Mèkredi 21 septanm 2022 ((rezonodwes.com))– Lè nou konsidere kalfou malouk peyi a rive la, asasina, grangou, mizè, gaz nan mache nwa, blokis ant depatman yo,  tout pri pwodwi nesesite yo ki monte bwa,

Lè nou konsidere pifò lopital andedan kapital la ak nan vil pwovens yo  paka fonksyone pou tèt pwoblèm gaz ak ensekirite,

Lè nou konsidere pwoblèm medikaman ak lòt entran nan lopital yo ki anpeche nou bay popilasyon swen kòm sa dwa,

Lè nou  konsidere kantite lopital ak sant santé ki oblije fèmen pou divès rezon (oksijèn, ensekirite, elatrye),

Lè nou  konsidere moun kap mouri lakay chak jou paske yo pa ka sikile pou ale pran laswenyay ke ka yo merite,

Lè  nou  konsidere kantite pwofesyonèl lasante  ak pwofesyonèl lòt sektè yo kidnape asasine kap sibi tout lot fòm ensekirite ; sa ki lakòz  chak jou yap kite peyi a  pa ban ak pa pakèt,

Lè nou konstate, depo medikaman, biznis moun, kay moun, lekòl, labank, biwo Leta ak lòt enstitisyon kap piye, boule chak jou nan yon peyi ki deja pa genyen anpil resous,

Lè nou konstate rèl leve kanpe kap fèt toupatou nan peyi a,

Lè nou konsidere tout swadizan jefó pou dyalóg k ap fèt ki pa bay okenn rezilta,

Lè nou konstate chofè, ti machann, ouvriye, plantè, ak tout rès popilasyon an vinn pi pa wè ni devan ni dèyè pou rantre lekòl la,

Lè nou konsidere sitiyasyon popilasyon ap viv la pa ka rive pi lwen ankò,

Nou menm nan sektè lasante a, nan lide pou fasilite yon sòti kriz rapid, nap mande Dr Ariel Henry, ki fòme anpil jenarasyon pwofesyonèl lasante epi ki gen angajman nan anpil lòt òganisasyon tankou legliz, pou li pran yon desizyon sajès bay demisyon l.

Nou mande ak tout fòs nou, pou tout regwoupman, enstitisyon ki deja bay pwoposisyon pou rezolisyon kriz la jwenn yon antant rapid, san chire pit pou mete yon ekip entèg ak konpetan kap ka mennen peyi a nan bon jan eleksyon.

Viv yon leta ki koupe fache ak gaspiyaj, lamizè, koripsyon, gang, ensekirite ki pran wout devlopman pou tout pitit tè Dayiti.

Viv yon peyi granmoun tèt li.

Premye siyatè yo :

Paule Andrée Byron-Louis, MD

Romel Cajuste, PH

Armel Demorcy, MD

Ernst Jean-Baptiste, ANTMH

Rony Pierre, MD

Lunick Santiague, MD

Guirlène Valbrun, MD

Jeffson Bercy, MD

Marie Lucy Chaudry, Inf.

Klike pou siyen petisyon an

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.