Senk (5) bagay ki montre gen anpil gwo evènman k ap rive ann Ayiti

0
2769

tèks Osno Moncher

Mèkredi 21 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

5 bagay ki montre gen anpil gwo evènman k ap rive ann Ayiti

1-    Nan dat 28 dawou 2020 , pandan fèt patwonal Granrivyèdinò, yon gwo pye sabliye ke Papa Nasyon an te plante ak men l depi 1804, pye sabliye rete konsa li pran dife san pyès moun pa konnen kote dife soti.  Sa pase pèsonn pa di anyen, tout moun rete bouchpe !

2-     Nan Dat 6 Novanm 2020, gwo midi, devan je tout moun nan Okap, sou plas ri 18 la, yon nonm ki sanble fou , monte sou estral ki gen stati papa Dessalines, li kraze sa byen kraze. Ni majistra, ni delege depatmantal,  ni responsab kilti, ni Ispan, ni gouvènman, ni prezidan ki te la, yo tout fè silans, sa kite pase a pat deranje pyès moun. E se sèl Ayiti sou latè pou moniman yo lib konsa pou moun fè sa yo vle ak yo.  Yon ak  konsa menmsi leta fèmen je sou li, li pap rete konsa.

3-     7 jiyè 2021, 8 mwa mwa anviwon apre yon moun te fin kraze estati anperè papa nasyon an, Prezidan ki te la e ki te toujou ap repete diskou papa nasyon an « et ceux dont les pères sont en Afrique, n’auront-ils donc rien ? » asasine lakay li , malgre kantite fasilite leta bay li pou l peye tout kalite konseye pou ede l ouvri je l sou tout plan, yonn nan yo pat ka rive di prezidan, Stati Desalines sa ki tonbe la, se siy ke ou menm ki chèf leta nan move pozisyon.  Depi apre ak sa yo, klima sekiritè peyi a vin deteryore pi plis.

4-     Nan ane 2022 sa,   Majistra  Dunord Siléus ki se Majistra nan komin machandesalin deside konstri yon latrin kominal nan lakou kay anperè Jean Jacques Dessalines, pandan tan sa , Peyi Lafwans fè ansyen kay Rochambeau nan menm komin nan tounen yon mize pou moun al vizite pou lajan. Malgre ISPAN mande Majistra pou kanpe sou pwojè po.po. sa, li pa okipe yo, paske pwojè sa, se nan lide pou disparèt totalman tout tras Dessalines nan peyi DAYITI.

5-     20 Septanm 2022, ki se ane 264 ane depi anperè a te vin sou latè, pandan venezyela, ak plizyè lòt peyi salye memwa gran potorik gason sa, yon lijan boje  san okenn krent deside kouvri lanperè ak fatra,  tout moun rete bèkèkè, nou ka remake  , tout sa yo mwen site la ken rapò ak Papa Dessalines .

Mesyedam, mwen pa wè yon pwofèt de malè, tout bagay sa yo montre ke gen anpil gwo evènman ki ka rive an Ayiti si nou pa pran desten nou nan men. Elimine memwa papa Dessalines ka kondui nou dirèkteman swa nan esklavaj ou byen nan lokipasyon.

Ki sa ou panse ou menm ?

Osno Moncher
21 septanm 2022

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.