KORESA MONTANA ankouraje popilasyon an pou kontinye kanpe fas ak pouvwa kriminèl PHTK 3èm vèsyon ak alye l yo

0
2154

NÒT POU LAPRÈS/ No-001
Kolektif òganizasyon Rejyonal Siyatè Akò Montana (KORESA MONTANA)

Lendi 19 septembre 2022 ((rezonodwes.com))–

Kolektif   òganizasyon   Rejyonal   Siyatè   Akò   Montana  a  (KORESA MONTANA)  salye  kouraj  ak detèminasyon pèp ayisyen nan batay pou reklame byennèt kolektif ak yon lòt   Leta ki chita sou Jistis sosyal epi mande demisyon San kondisyon Gouvènman defakto Ariel Henry ap dirije ki pap regle anyen, sinon agrave sitiyasyon sosyoekonomik ak politik peyi a chak jou.

Kolektif  la  deplore  epi  kondane  zak  asasinay  ak  maspinay  la Polis  fè  sou  plizyè  manm  nan popilasyon  an  kap  revandike  dwa  pou  lavi  yo  chanje  fas  a yon gouvènman kriminèl ki deklare popilasyon an lagè nan tabli ensekirite, enstore la mizè ak koripsyon, monte gaz 17 wotè.

Kolektif  la  ankouraje  popilasyon  an  pou  kontinye  kanpe  fas  ak pouvwa kriminèl PHTK twazèm vèsyon  ak  alye  l  yo  jiskaske  nou  chanje  Leta  kriminèl  sa  a  kap  depafini  peyi  a  epi  toufe popilasyon an o pwofi yon ti gwoup rapas aganman.

Menm jan popilasyon an reklame l, Kolektif la kwè se sèl yon solisyon ayisyèn ki ka rezoud kriz peyi a ap viv la.   Se pou sa, kolektif la mande sendika kò gwoup la, fè yon ti kanpe ak divèsyon konplis l ap fè yo. Lit pèp Ayisyen an pap negwosye pou jwèt marèl!

Konsa,  kolektif  la  mande  Biwo  Swivi  Akò  Montana  a  prese  prese    pou  jwenn  Yon  solisyon definitif ansanm avèk rès aktè yo nan peyi a pou tabli Tranzisyon koupe fache a nan enterè pèp ayisyen  an.  Pandan  kolektif  la  ap  egzije  pou  eleman  fondalnatal  nan  Akò Montana a respekte kòm  sa  dwa :  yon  egzekitif  ak  2 tèt, Ògan Kontwòl Tranzisyon an, remanbreman ak asenisman administrasyon   piblik   la,   sekirite,   amelyorasyon   imedya   kondisyon   lavi   popilasyon   an, reyalizasyon  konferans  nasyonal  granmoun, odit sistèm elektoral la pou 12 dènye ane sa yo ak reyalizasyon bon eleksyon pou pèmèt peyi a gen nan tèt li yon gouvènman eli pou mennen l sou wout devlopman, eta de dwa ak pwogrè.

Kolektif  la  mande  popilasyon  an  pou  l  rete  veyatif,  pou  n  pa  pran  nan  pakapala  gran  manjè. Pandan  n  ap  kontinye  batay  pou  fè  pouvwa  kriminèl  PHTK,  SDP,  Fusion,  Inite  elatriye  kite pouvwa  a.  Fwa sa a se solisyon ayisyèn lan k ap mete Tranzisyon koupe fache ki pap mare nan pye tab kò gwoup ni pou vin fè  Twit ni bay dikte pou pase gouvènman Ayisyen lòd.

Pou  fini,  kolektif  la  di  popilasyon  an,  li  pa  gen  dwa  batay  a  mwatye,  menm  jan Prezidan Paul Kagame di l, pou l repete Jean Jacques Dessalines : si nou vle vrèman soti nan mizè , ensekirite, kidnapping  ak  movèz  gouvènans,  se  batay  pou kapote pouvwa mafya a.   Nan ka kontrè, lap tounen an fòs pou fin touye nou, deja depi nan monte pri gaz jiska plis pase 100%, Ariel gentan di nou se fen nou li vin fè.

Aba Ariel ak gouvènman kriminèl li a, Aba tout pòt pawòl pèpè ak solisyon enpòte!

Viv Yon solisyon ayisyèn ant ayisyen pou rezoud kriz la !

Viv Yon Tranzisyon koupe fache!

Moun ki siyen pou KORESAMONTANA :

Rejean FONTAINE, Fowòm Sitwayen nan Sid (FÒSSID) Depatman Sid
Mackendy JUSTE, Pati Liberatè Ayisyen (PLA)                           Depatman Sid
Ginot ROMAIN, CERREJEN Depatman Nip
Profène JEUDI, Mouvement des Paysans Progressistes Baradères (MPPB) Depatman Nip
Jean-Luc SEMERZIER, Fédération Nationale des Organisations Paysannes FENAOP,  Grandans
Mackenson JEAN, Mouvement Paysan Grand’Anse (MPGA)         Depatman Grandans Antimé Bien Aimé, Grand’Anse Avant Tout                                Depatman Grandans Kerby JOSEPH, Rezo Òganizasyon Nòdwès Depatman Nodwès
Kerly DUBREIS, Asosiyasyon Jèn pou Liberasyon Lakou Lakay(AJ3L)  Depatman Nodwès Raynold BRENORD, Konbit Peyizan Ayisyen (KPA)/ Branch Nòdès Depatman Nodès
Chantale ALIZE, ALTÈNATIV Sitwayèn pou yon Lòt Ayiti (ASLA)    Depatman Nò
Nicolas PIERRE-LOUIS,  Platfòm Rezistans Peyizan Latibonit (PREPLA)  Depatman Atibonit

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.