26 septembre 2025
Piyaj – Destriksyon byen : Lapolis deklare li arete 25 moun nan Senmak
Actualités Kreyòl Société

Piyaj – Destriksyon byen : Lapolis deklare li arete 25 moun nan Senmak

Kominike Lapolis

Lendi 19 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Lapolis nan komin Senmak, depatman Latibonit, arete 25 endividi ki gen enplikasyon prezime yo nan piyaj ki fèt nan biwo leta ak nan biznis prive epi nan plaj ki sou kot la, pandan dewoulman manifestasyon semèn pase a.

Nan lide pou fè fas ak tout deriv sa yo, Responsab Jiridiksyon Senmak la, Komisè Prensipal Mathias Jean David, pran bon jan mezi ak pèmèt polisye yo deplwaye pou reprann kontwòl sitiyasyon an rapid pou kontinye pwoteje vi ak byen popilasyon an.

Se te okazyon tou pou Komisè Prensipal Mathias Jean David prezante bilan entèvansyon Lapolis fè nan vil Senmak epi divès ensidan ki pwodwi kote gen yon (1) moun mouri, yon (1) polisye blese ak plizyè malfra blese.

Komisè Mathias Jean David prezante divès materyèl ki rekipere ak mizanplas kap fèt pou rekipere plizyè lòt materyèl manm nan popilasyon an piye nan biwo leta kou prive.

Pou kounya, 25 jenn fanm ak jenn gason an yo plase nan gadavi Komisarya Senmak pou yo reponn kesyon lajistis.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.