»Nou bouke » : Matris Liberasyon mande pou kònen lanbi rasanbleman an tout kote

0
1414

Dimanch 18 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Matris Liberasyon di lonè pèp Ayisyen !

Matris Liberasyon sezi tande malgre tout chay soufrans popilasyon an deja ap andire anba enflasyon, ensekirite, kidnapin, masak ak represyon, gouvènman sankoutcha lepè vag  Aryèl la pran desizyon pou l double pri galon gaz la aprè li te fin monte l deja disèt wotè 9 mwa pase.

Matris Liberasyon bat yon kokenchenn bravo pou kouraj ak detèminasyon popilasyon an ki sèmante jounen jodi a kou monte gazolin la plis pase 128 pousan epi kewozèn ak dyezèl lan 97 pousan an p ap pase.

Depi lè PHTK pran pouvwa sa a, premye vèsyon ak Mateli, dezyèm vèsyon ak Jovnel, twazyèm vèsyon ak Aryèl, kimoun ki ka di yon fwa, desizyon Leta sa a pran nan sans enterè mas yo? Se gagòt ak gaspiyaj nan lajan Leta a, epi bann avantaj pou yon gwo pati nan Sektè Prive a sitou enpòtatè gaz yo.

Konsa, Matris Liberasyon deside yon lòt fwa mache bò kote popilasyon an nan moman boulvès sa a l ap viv la. Epi, l ap di l kenbe fèm,  pa lage ! Malgre maspinay, lamizè ak grangou rejim PHTK a ap kontinye pote pou li.

Konplo asasen ak aloufa yo rive twò lwen atò!

Matris Liberasyon  ap kontinye mande tout popilasyon an reveye yo,  mete bòt konba yo nan pye yo paske gouvènman manfouben-sinik Aryèl la deklare malere ak tout moun onèt lagè!

Nan sans sa, Matris Liberasyon ap kontinye kònen lanbi rasanbleman an tout kote pou n di:  NOU BOUKE, nou dwe mache kontre pou n kontinye POTEBOURE a epi KAPOTE, pote ale vye sistèm ekonomik pouriti, politik gagotay, asasinay k ap fini ak pèp Ayisyen an.

Yon lòt kote, Matris ap fè apèl ak tout alye li yo ķi nan Akò Montana a pou fè yon chita pale ak tout lòt fòs pwogresis yo pou ranfòse pwopozisyon altènativ la ki te soti nan Akò a!

Pandan Matris Liberasyon konprann kòlè popilasyon an kap viv ak 2 ran dan l , fòk li evite pran nan manipilasyon koupab masak ak dechèpiyè ayè ak jodi ki vle pase pou viktim jodi a . Mouvman sa pa dwe kite okenn pòt pou Kriminèl ak Gagotè vin pran woulib.

Avangad politik paka kwaze bra yo pandan Kògwoup ak PHTK ap sere kòd krim ak mizè nan kou peyi a!

MOBILIZE, MOBILIZE, MOBILIZE!

NOU PA DWE FÈ BAK ! NOU PA GEN DWA FÈ BAK !
SI NOU PA KONTINYE BATAY, N AP MOURI GRENN PA GRENN.

Pou otantifikasyon : Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.