Ministè Edikasyon kondane atak kont lekòl yo

0
1545

MENFP kondane atak kont lekòl yo epi mande pou pwoteje enfrastrikti, ekipman ak achiv lekòl yo

Samdi 17 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Apre plizyè atak ki fèt sou lekòl yo nan plizyè kote nan peyi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanse yon apèl bay tout moun pou mete men pou pwoteje lekòl yo ki se byen kominote a.

Kit li piblik, kit li prive, lekòl se wout pou tout timoun yo pran pou al chache konesans e fòme tèt yo. MENFP raple pou tout moun, lekòl ak inivèsite se kote pou timoun ak jèn nou yo al aprann, jwenn sekirite ak lapè. Lekòl, se espas ki ka sèvi tou pou akeyi timoun kou granmoun lè gen katastrof natirèl, tankou siklòn ak inondasyon. Kidonk, atake lekòl se mete an danje lavi ak avni popilasyon ki pi vilnerab yo.

Nan sans sa a, MENFP denonse ak kondane aksyon sa yo ki pa akseptab e ki mete an danje lekòl ak inivèsite nou yo ki se byen piblik, ki se espas pou prepare avni pou plis pase kat milyon timoun ak jèn, ki se espas travay tou pou plizyè milye pwofesè.

MENFP regrèt epi kondane tout piyaj ki fèt nan depo pwodwi pou manje ki ta pral bay nan kantin nan lekòl yo. Sa pral bay tèt chaje pou jwenn manje chak jou pou plizyè dizèn milye timoun ki nan lekòl piblik ak prive.

MENFP pwofite prezante senpati l bay viktim yo epi pran angajman pou li sipòte lekòl ki afekte yo.
Se yon okazyon pou MENFP felisite e ankouraje tout moun k ap sakrifye tèt yo chak jou pou garanti, nan kondisyon ak zòn difisil, dwa pou ledikasyon pou tout timoun.

Ministè a rete an kontak ak asosyasyon direktè lekòl, sendika anseyan ak asosyasyon paran elèv pou kontinye gwo konbit pou nou rive pwoteje lekòl kòmsadwa nan kelkilanswa sikonstan lan.

« Pwoteje edikasyon se pwoteje travay pwofesè yo, pwoteje avni pitit nou yo ak Ayiti ».

Biwo kominikasyon

MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.