Enomy Germain : Gen anpil lòt kote Leta te ka jwen lajan olye li monte gaz, si l pat pè gwo babin yo ki pa plis ke 4 gwo enpotatè

0
2450

Ekonomis Enomy Germain- “Tout sa minis Ricard Pierre te di an desanm pou jistifye ajisteman pri gaz la pat rive fèt”

Se pou obeyi de je fèmen ak yon dikte FMI bay 2 jiyè -a e ke Dr. Ariel Henry pou kenbe pouvwa jouk li fè yon eleksyon-seleksyon, deside avèk anpil mepri pou pèp la monte gaz la jouk a 128% alòske pil ak paket franchiz byen djanm nan pòch anpil gwo towo ki ta men itilize yo pou fè zam ilegal antre nan peyi a. Apre diskou prezidan Abinader a devan OEA, Lapolis, ke manifestan akize ki osevis PHTK, pezape ap aplike “phasing out” rejim nan, k ap prepare yon fason pou kase dife manifestan yo paske Ariel Henry bezwen pati al Nouyòk pou al kale kò l epi fè diskou nan Nasyonzini ke li lanse peyi-a an “mòd elektoral”.

Vendredi 16 septembre 2022 ((rezonodwes.com))—Tankou tout lòt gwo ekonomis k ap opine sou zafè sibvansyon sou gaz la ke PM de fakto, Dr. Ariel Henry ak tout akolit SDP-Fussion kap sipote rejim PHTK a, soti pou retire ak gwo ponyèt devan yon pèp mizerab, Enomy Germain di gen anpil lòt kote Leta te ka rive konpanse defisi plizyè milya goud sa yo.

Germain site pa egzanp anpil franchiz dwanye ki totalize plizye milya goud pa ane te ka ede leta kite malere yo rale yon ti souf nan yon peyi ki pa gen okenn asistans sosyal.

Dapre ekonomis la ki tap entèveni vandredi maten nan jounal Premye Okazyon, Gouvènman Tèt Kale PHTK 3 ki sanble gen fòs sou bannann mi chwazi pou monte gaz la “olye li ta rive kontwole 4 gwo enpotatè” k ap antre machandiz nan peyi-a.

San li pa di l ouvètman, li ta sanble se bobin ak pawòl poufè ti bebe dòmi, lè patwon yo di fòk yo paye leta taks, alòske se pou pwoteje yo ak “tout pil franchiz” yo ke mouche Ariel Henry soti pou monte gaz la a 128% sou ti malere yo. Pandanstan sa enflasyon an soti de 24% an desanm pou rive plis ke 30% nan moman sa.

Pa gen anyen de plis ke pòp la ka espere lè PHTK-SDP-Fusion fin aplike nouvo tarif sou pri gaz la nan ponp, piske sa Ricard Pierre te di ane dènye a pa kenbe.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.