Steven Benoit : Transizyon Koupe fache a dwe kòmanse san pèdi tan

0
2565

Nòt Premye  Minis eli Akò Montana a sou konjonkti peyi a

Jou ki 15 sektanm 2022

Yon fwa ankò apre yon pakèt fwa pèp la pran lari lap manifeste. Fwa saa sitirasyon lavi l vi n pi malouk, pèp la fache e se dwa l pou l fache lè l konstate ke rejim PHTK a alye ak yon seri sektè antinasyonal ap kontinye toupizi l nan dechèpiye lajan Leta a nan kontrebann ak distribiye zam bay bandi pou masak ak vyol pitit li.

Antant ki fèt nan Akò 30 dawout 2021 (Akò Montana a) prezante yon pwopozisyon  pou soti peyi a nan katyouboumbe li ye la depi 12 lane. Li mande mete an plas yon tranzisyon koupe fache ki ka penmèt pèp ayisyen an tabli yon nouvo modèl gouvènans sou choukèt yon nouvo Leta ki kapab travay pou sèvi enterè tout popilasyon an sou baz revandikasyon lejitim li ke lap kleronnen depi dik dantan.

Akò Montana a pa mete okenn moun deyò. Li mande yon antant nasyonal ant ayisyen kote tout sektè pwogresis nan peyi a chita sou tab la pou jwenn yo mannyè pasifik pou konkretize pwojè nouvo Leta a ak yon nouvo model gouvènans nan peyi a.

Montana kanpe ak pèp la. Pèp la se nou tout nan sosyete a. Gen de sektè ki ta pito peyi a boule olye ke yo fè bak sou avantaj yo. Se byen konte mal kalkile. Lè gen pou pèdi tout mounn ap pèdi e peyi a pral koule tout bon.

Montana toujou chita sou tab negosiyasyon an li pwopoze yon solisyon. Nou mande sektè yo ki kidnape Leta a repran nanm yo pou peyi a fwa sa a ka pwofite de chans istorik kap pase la a.

Nou mande pou popilasyon an ekzije san kraze brize ke tranzisyon Koupe fache a komanse san pèdi tan, alòske revandikasyon li yo deja nan plan travay Akò Montana ki blije respekte.

TÈT ANSANM POU YON TRANZISYON KOUPE FACHE

Steven Irvenson BENOIT
Premye Minis eli Akò Montana

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.