RASANBLE denonse awogans Ariel Henry e deklare li kanpe bò kote pèp la

0
1174

RASANBLE ak 13 lòt Pati Politik ki akonpaye li yo voye yon gwo kout chapo pou popilasyon an nan 4 kwen peyi a, ki toujou kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo nan fè tande revandikasyon yo.

RASANBLE ak alye li yo voye jete byen lwen deklarasyon Ariel Henry fè nan yon adrès ak nasyon an nan dat dimanch 11 septanm nan.   

RASANBLE konstate nan adrès ak nasyon sa Ariel Henry pwouve enkapasite li genyen yon lòt fwa ankò pou dirije nasyon an. Olye pou PM defakto a pote solisyon ak problèm gaz la, li pito fè chwa ki pi fasil la kise monte volim lamizè popilasyon an.   

RASANBLE wè Ariel Henry pale ak anpil arogans san li pa pote okenn solisyon ak problèm sekirite a kap fini ak fanmi yo epi ki pa sispann fè dlo koule nan je popilasyon an kèk jou menm avan rantre lekòl la. Nou sezi wè Ariel Henry konsidere tèt li tankou yon moun kite pran pouvwa lap dirije a nan eleksyon.   

RASANBLE ak alye li yo ap fè Ariel Henry konnen ke li pa gen okenn lejitimite politik depi 7 Fevriye 2022 pase a. Li paka fè pèsòn leson politik nan peyi a. Nap raple tou li pèdi konfyans  majorite  klas politik la ak popilasyon an te fè’l la.  

Kidonk Ariel Henry pa genyen pou li fè pèsòn lalwa sou kijan pou moun pran pouvwa.

Ariel Henry ou echwe. Ou pakapab pote solisyon ak mizè pèp la.

Nou profite mande PM defakto a nan ki peyi epi nan ki klima politik li pral fè eleksyon li wè nan rèv li a ? 

RASANBLE ap kontinye mande 10 Senatè  eli, lejitim ak konstitisyonèl yo pou pran prese prese tèt dyalòg politik la akonpanye ak klas politik la, sektè prive a pou fè yon vrè  chita pale nan sousi pou poze vrè pwoblèm peyi a epi jwen yon nouvo akò politik pou yon lòt gouvènman tranzisyon ki pou vini ak solisyon ki kapab rezoud kesyon ensekirite ak reyalize eleksyon jeneral andan peyi a.   

RASANBLE ak 13 lòt pati politik yo rete atache ak valè demokratik yo epi fè konfyans ak manman lwa peyi a kise konstitisyon 1987 amande a. Si 10 senatè eli, lejitim yo pa vle pran responsabilite yo pou pran tèt dyalòg politik la.

Nap akonpanye popilasyon an pou l pran responsablite l pou debarase peyi a ak ekip Ariel Henry a.  

RASANBLE ap toujou rete kanpe bò kote pèp la.   

Delma, 13 septanm 2022
Innocent JOSEPH
​Pwezidan

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.