Nou Pap Konplis mande Premye minis Ariel Henry bay demisyon l

0
1212

Potopwens, mèkredi 14 Septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Nou Pap Konplis ap salye laprès an jeneral yon nouvèl fwa ankò ki toujou fè efò pou yo pote sipò pa yo nan batay pou fè respekte aki  demokratik popilasyon an jan sa ekri nan manman lwa peyi a selon konstitisyon 1987 amande a.

Nou Pap Konplis ap felisite popilasyon an  k ap mobilize nan tout peyi a pou goumen kont leta iresponsab Ki makonnen ak sektè prije piyajè a pou souse Sak pi fèb yo.

Nou Pap Konplis endiye pou l gade jan Premye Minis defakto Ariel Henry pa santil jennen pou l vin anonse li pral monte gaz la pou yon dezyèm fwa sou popilasyon an ki deja pa gen senti pou sipòte nivo enflasyon ki fin apovri popilasyon an, Nou Pap Konplis sezi poul gade jan chèf gouvènman deside meprize batay popilasyon an ap mennen nan tout peyi a kont ensekirite, kidnapin, lavichè, grangou, lamizè, endisponiblite dola nan mezon transfè yo ak ratman gaz la, Nou Pap Konplis kwè adrès ak nasyon Premye minis Ariel fè dimanch la pral lage non sèlman nan twou pi fond, men sa montre yon lòt fwa ankò se yon chèf primati ki melem Ki pa bay okenn moun regle anyen pou li sof kominote entènasyonal la kite mete l la ak alyel yo li tande, yon konpòtman Ki montre kriz la depase chèf primati a ki pa  gen kapasite pou l mete l nan dimansyon kriz la pou l rezoud li.

Nou Pap Konplis ap raple lopinyon piblik nasyonal ak entènasyonal la 11 Septanm Ki sot pase la fè Ariel Henry a ak alyel yo yon lane depi yo pran tèt peyi a, nou dwe raple tout moun se sou gouvènman Ariel Henry an peyi a  an konnen moman ki pi difisil nan tout istwa l. Se sou gouvènman Ariel Henry a peyi a konnen nivo mizè sa , nivo gansterizasyon sa, tout pitit peyi a preske fin kite l pou al chèchè lavi lotbo dlo akòz ensekirite a ki san limit, se sou gouvènman sa lavichè konnen yon nivo San parey konsa, koripsyon an se wololoy 

Jodi a alye gouvènman sa vin pi rich telman yo gen lajan pandan pitit pèp la ap mouri nan kras, pèp ayisyen se plis pase 3 milya goud disparèt sou non pèp la nan kreye program bidon ki batize apezman sosyal san montre konkrètman sa yo reyalize ak lajan kòb task popilasyon an.

Se poutèt Nou Pap Konplis ap mande  ak Premye minis Ariel Henry pou l remèt demisyon poul bay yon lòt gwoup ki kapab mennen tèt peyi a avan kriz la vin pi dejenere paskel pap regle anyen nan tèt primati ha. Nou Pap Konplis mande popilasyon an pou kontinye ak mobilizasyon yo pasifikman nan tout peyi a pandan n ap respekte koulwa imanitè yo, byen moun ak lavi moun, pandan n ap pwofite voye jete byen lwen konpòtman moun ki ap manifeste ki atake Radio model fm nan matine 13 Septanm 2022 a, laprès la se nou nou se laprès la pa gen batay pou fè emèje demokrasi nan okenn peyi san laprès.

Pou fini Nou Pap Konplis ap egzòte kominote entènasyonal la pou yo fè yon depasman nan pou yo jwenn yon solisyon nan dimansyon kriz kila ak diferan gwoup Ki nan klas politik la ak sosyete sivil la kriz la pou rive ak yon nouvo gouvènman tranzisyon k ap gen misyon pou repon ak pwoblèm peyi a ap fè fas yo paske Ariel Henry ak alye l yo echwe nan akò 11 septanm lam yon fason pou evite peyi a tonbe nan pi gwo kawo politik li pa janm konnen 

Pou komite Nou Pap Konplis:

Ricardo Fleuridor Pòtpawòl 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.