26 septembre 2025
Ariel Henry di la jistis ap sevi kont moun kap kraze men li pa di anyen sou bandi G9 kap fizye epi boule kadav sitwayen
Actualités Kreyòl Société

Ariel Henry di la jistis ap sevi kont moun kap kraze men li pa di anyen sou bandi G9 kap fizye epi boule kadav sitwayen

Mardi 13 septembre 2022 ((rezonodwes.com))—Doktè Ariel Henry, ki t ap pale nan nwit dimanch ak lendi tankou yon ti moun nan klas primè k ap resite yon leson, voye yon mizangad bay moun “kap kraze brize” pou demontre yo pa kontan ak jan lap dirije peyi-a depi plis pase yon lane ak André Michel, Rosemila, Edmonde Beauzile e latrye.

Pou Ariel Henry kap lonje bral pou lòt moun ka rejwenn rejim li an ki kanpe sou po fig ak eseye defann enterè PHTK1, “lajistis ap pouswiv tout moun kap kraze brize”. Sepandan, misye pa di anyen sou bandi nan Site Soley kap touye moun epi boule kadav yo tankou dènye zak dimanch lan ki fèt sou de jenn jounalis medya anliy.

Nan diskou sa ki chaje ak anpil kontradiksyon malgre miche pran plis ke senk èd tan pou prezante l bay nasyon an, PM k ap kontinye aji an deyò lalwa, fè konnen “nan ane 1987 pèp la te fè chwa demokrasi”, men se menm Konstitisyon sa ke yon majorite te vote ke l ap pale a alòske yon ti minorite zwit soti pou ranplase nan jan pa yo.

Pawòl jistis Ariel Henry te pale nan diskou l nan lannwit dimanch pa gen pyès swivi nan yon twit li fè nan lendi swa. Chèf rejim PHTK 3 a nan kondoleyans li voye bay fanmi 2 jounalis yo, pa pale ditou jistis pou yo, se kòmsi yon moun mouri pou po je l nan peyi sa kòmanse pa Doval, Nety, pase pa Jovenel pou rive jodi-a sou jounalis sila yo.

La jistis nan peyi Dayiti se bobin menm jan ak pawòl “eleksyon lib, onèt, demokratik, enklisif…”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.