Kolektif Atis Angaje yo (KATAN) denonse zak sasinay k ap fèt chak jou sou popilasyon an

0
1849

Lendi 12 Septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Bal la fè twou Pou l pase rantre L ale, li travèse
Depi se trip, depi se pye, jizye, mwèl-tèt
Li pase  an boulin, an boulvès
Li vire rantre bourade
Wa di se yon bagay
L ap chache nan mitan fèy papye
Bal la kwaze ak  kat ti kat-kat
Ki te chita ap etidye
(Jòj Kastra)

Bal la kwaze ak jounalis tankou Evensons, li kwaze ak fanmi Desanclos, li kwaze ak 3 chofè ki t ap tante fè gaz kafou Tifou; bal la kwaze ak nenpòt sitwayen nan lari, anndan kay, nan travay,  nan  mache.  Li  kwaze  ak  sitwayen  k  ap  rele  anmwey  kont  grangou,  kidnapin ensekirite. Lè w tande sa, sanzatann nenpòt nan nou ka al bwa-chat! Bal ! Bal Pi rèd!

Isit se bal k ap separe, polisye pa chich, gang sansib-ala-gachèt. Lekò di kris: BAL! PHTK: BAL! 600 000 zam ap sikile, pi piti zam nan pran 17 katouch. Ki vle di chak kretyen vivan nan peyi Dayiti gen yon grenn bal okanon nan zam polisye oswa bandi.

Nou menm Kolektif Atis Angaje yo (KATAN), nou denonse ak tout fòs nou zak sasinay  k ap fèt chak jou sou popilasyon an. Nou denonse tou konplisite Leta ak chèf gang yo ki tabli yon labatwa anndan katye popilè yo. Nou denonse konplisite Leta a ak lentenasyonal la k ap pouse machin lanmò a nan 4 kwen peyi a

Nou  menm  nan  KATAN,  nou  denonse  ak  tout  fòs  nou  endistri  kidnapin  nan  ki  tounen kansè ki anpeche tout lòt aktivite pran pye nan peyi a. Pa ekzanp kidnapin nan anpeche nou menm atis fè konsè, fè ekspozisyon, vènisaj, espektak teyat. Kidnapin nan anpeche nou viv!   Non sèlman fanmi yo dekapitalize, men tou apre chak aktivite yo kidnape yon fanatik oubyen yon pwòch nou. Nou denonse ensekirite a sou tout  fòm li.

Nou menm   nan Kolektif Atis Angaje yo, lè nou konsidere, peyi a p ap dirije depi byen lontan e dirijan ki nan tèt Leta yo pa montre yo alawotè de kriz plizyè dimansyon peyi a ap travèse e moun ki swadizan nan tèt Leta pa janm eseye travay nan enterè pèp la, nan sans  sa  Katan  mande  pou  Ariel  Henri  Rache  manyòk  li  bay  talon  li. 

Se  kondisyon fondamantal pou lavi reboujonnen, pou ensekirite a kaba, pou gang yo sispann fè lalwa nan peyi papa Desalin nan, pou entènasyonal la sispann foure bouch li tout longè nan politik peyi a,  pou rate gaz pwograme a rezoud epi pou lavi chè a kaba.

Nou nan KATAN, nou mache kòtatòk ak tout revandikasyon pèp souvren an ap pote.

SE PÈP LA KI MOBLIZE PÈP LA POU LIBERE PÈP LA.

Moun ki siyen :

Kebert Bastien – Chantè, Konpozitè
Sanderloune Thelamy – Chantèz
Robenson Auguste-Chantè
Herby Francois – Chantè, Gitaris, konpozitè
Ricardo Boucher – Powèt, Komedyen
Jacques Adler Jean Pierre – Komedyen, ekriven, Metè-ansèn
Chango Bastia- Chantè
Douglas Zamor – Powèt, Chantè
Kenson Anius –Komedyen
Staloff Tropfort- Komedyen, Metè-ansèn
Jean Gardy Clervil, alyas Pakamò- Rapè
Stevenson Michèl – Mizisyen, operatè kiltirèl
Rolando Etienne- Komedyen, Metè-ansèn
Billy Elucien – Komedyen, Metè –ansèn
Cherlson Ermoza – Komedyen, Metè –ansèn, Powèt
Valdano Louis – Komedyen, Enfografis

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.