Jounen entènasyonal alfabetizasyon | “Alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl : angajman Leta ak tout sektè anndan peyi a
Vandredi 9 sektanm 2022 ((rezonodwes.com))– Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl, atravè Biwo sekretè d Eta Alfabetizasyon, selebre jedi 8 sektanm nan 56e Jounen entènasyonal alfabetizasyon an. Seremoni sa a ki te dewoule nan Petyonvil te rasanble plizyè dizèn aprenan ki sòti nan plizyè sant alfabetizasyon anndan peyi a. Se te okazyon pou aprenan sa yo te fè demonstrasyon pwogrè yo gen tan reyalize nan “konn li ak ekri” pandan kèk mwa yo deja pase nan sant alfabetizasyon sa yo.
Nan prezans yon asistans ki te gen ladann minis Edikasyon nasyonal la, direktè jeneral FNE a, direktè jeneral INFP a, kòdonatris PNCS la, reprezantan Unesco, reprezantan Unicef, rektè Inivèsite Leta a, prezidan Akademi Kreyòl ayiseyen an, plizyè direktè teknik ak lòt pèsonèl nan Biwo Sekretè d Eta Alfabetizasyon an, ministè Edikasyon nasyonal ak delege lòt enstitisyon nasyonal tankou entènasyonal k ap soutni kòz alfabetizasyon an, aprenan sa yo – majorite ladan yo genyen plis pase 50 tan – te chante ak papye nan men yo de kouplè nan chan nasyonal drapo peyi a epi li an kreyòl mesaj Direktris jeneral Unesco a, Madan Audrey Azoulay, te bay nan okazyon 8 sektanm 2022 a. Asistans la te byen apresye de demonstrasyon sa yo.
« Alfabetizasyon se pa yon tan pèdi. Alfabetizasyon se respekte dwa yon kategori moun anndan sosyete a genyen ; dwa pou yo konn li ak ekri. An menm tan, alfabetizasyon se envestisman nan yon bann konesans kategori moun sa yo genyen deja, sa ki kapab ede yo transmèt konesnans sa yo pi byen », se yon bout nan deklarasyon minis Nesmy Manigat te fè nan okazyon an pandan li te salye jefò kategori sitwayen sa yo ap deplwaye depi digdantan pou fè sosyete a rete debout. Selon minis Manigat, yo rive fè sa atravè konesans ak tout konpetans yo genyen nan medsin tradisyonèl, nan agrikilti, lapèch, elvaj ak nan tout lòt endistri lokal ak pratik atizanal.
Gras ak alfabetizasyon e edikasyon nonfòmèl gen posiblite pou kategori Ayisyen ak Ayisyèn sa yo pi byen entegre ekonomi peyi a. Se yon posibilite pou ranfòse konpetitivite peyi a pandan yo gen posibilite pou yo vanse nan enklizyon finansye ak enklizyon sosyal.
Pandan selebrasyon 56e Jounen entènasyonal alfabetizasyon an, sekretè d Eta alfabetizasyon an te fè yon rale sou kèk aksyon ki poze pandan sis dènye mwa yo tankou siyati pwotokòl ak 22 asosyasyon nan lide pou louvri 1 300 klas alfa.
Pandan menm peryòd sa a, Biwo a rive fòme plis pas 300 monitè ak sipèvizè nan depatman Grandans, Nò, Nòdwès ak Lwès kote yo evalye preske 2 000 aprenan, fanm tankou gason, e sètifye fòmasyon pou plis pase 1 300 ladan yo.
Sandra Michel Saint-Georges rekonèt travay la anpil ; travay sa a egzije enplikasyon plis teknisyen, plis volonte, men tou plis lajan pandan Biwo Alfabetizasyon an dwe ranfòse tèt li pi plis chak jou.Dapre reprezantan Unesco nan aktivite sa a, pa dwe gen separasyon ant edikasyon fòmèl ak edikasyon nonfòmèl. Youn konplete lòt. Nan enterè sosyete a, toulède dwe antre nan yon estrateji global ki chita sou edikasyon ak fòmasyon.
Se konsa Khadim Sylla swete gen jefò ki pou kontinye fèt pou mete plis lajan nan bidjè ministè Edikasyon nasyonal pou aktivite alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl.Kèk jou anvan somè Nasyon Zini sou transfòmasyon edikasyon ki pral dewoule 19 sektanm pwochen nan Nouyòk, Khadim Sylla raple transfòmasyon edikasyon an p ap ka fèt si yo mete sou kote kesyon alfabetizasyon an ki li menm jwe yon gwo wòl nan transfòmasyon sosyete a.
Se poutèt sa Unesco te kenbe pou tèm selebrasyon Jounen an ane sa a : “ Transfòme espas aprantisaj alfabetizasyon yo “.Men transfomasyon sa a mande anpil angajman ak solidarite, andeyò tantankou anndan peyi a. Se konsa Leta aysisyen te chwazi kòm tèm nasyonal: “Alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl: angajman Leta ak tout sektè anndan peyi a “.
Pou nimewo en Unicef la ann Ayiti, tèm nasyonal sa a se yon bon pretèks pou renouvele angajman pou montre anpil moun li ak ekri, prensipalman jenn fanm yo; se yon pretèks pou bay tout timoun chans pou benefisye bon jan kalite edikasyon, sa ki kapab anpeche yo kite lekòl anvan lè pandan n ap kontinye ofri lòt opòtinite pou sila yo ki pa nan sistèm fòmèl la kapab fòme tèt yo.Bruno Maes di li gen konviksyon aplikasyon politik sou edikasyon nonfòmèl la ap pote repons pou yon seri pwoblèm jèn yo ap viv jounen jodi a, prensipalmam repons pou pwoblèm vyolans ak zam nan ki anrasinen anpil kote anndan peyi a. Malgre tout kalite peyokipasyon li te eksprime parapò ak jan Leta ap mennen depi dyab te kaporal pwogram alfabetizasyon yo, Rektè Inivèsite Leta a di li gen lespwa.
Sitou lè l wè otorite ministè Edikasyon nasyonal yo ak tout Sekreteri d Eta Alfabetizasyon an chwazi yon tèm espesyal, ki gen nannan, pou ane sa a : « Alfabetizasyon ak edikasyon non fomèl : Angajman Leta ak tout sektè nan peyi a ».“ Se ta yon maryaj ant Alfabetizasyon ak edikasyon. Ki jan alfabetizasyon an ka entegre nan yon edikasyon pi laj, ki dwe ale pi lwen pase aprann li ak ekri. Yon rapèl vizyon Manman Lwa peyi a ki mande yon veritab kanpay alfabetizasyon ki enplike Leta ak tout sektè nan sosyete a. Olye chak ane n ap konte 3 mil, 5 mil, 10 mil moun nou aprann li ak ekri.
Nou pi kontan ankò, lè nou wè gen dispozisyon ki pran nan menm jounen an pou enstale yon “Komisyon Entè-institisyonel pou Edikasyon non fòmèl”, se sa Rektè Fritz Deshommes de rapouswiv pou di pandan li anonse: “Nan UEH la, nou pap rete senpman ak espwa. Nou pare pou nou pote kole. Nou pare pou nou bay kontribisyon pa n nan konbit sa a, nan kanpay sa a. Manman lwa peyi a mande nou depi 1987 pou nou desitire fenomèn pa konn li ak ekri sa a nan peyi d Ayiti.Etidyan nou yo nan Pòtoprens tankou nan pwovens pare pou yo patisipe nan yon vre kanpay alfabetizasyon. Pwofesè nou yo pare pou ankadre tout pwogram alfabetizasyon ak edikasyon non fomèl k ap pèmèt granmoun yo aprann li ak ekri nan yon metòd ki pratik, ki itil, ki efikas.
Nou pare jounen jodia. Nou te pare depi lontan. Nou te plis pare toujou depi 2 zan, depi dat 27 Oktob 2020, lè UEH la te siyen ak Sekreteri d Eta Alfabetizasyon an yon Pwotokòl ki prevwa anpil nan pwen sa yo ‘’.Se pandan seremoni sa a, minis Nesmy Manigat te enstale Komisyon entè enstitisyonèl pou edikasyon nonfòmèl la. Se yon komisyon ki gen ladann 20 manm ki reprezante plizyè ministè ak lòt enstititisyon piblik ; ladann tou genyen reprezantan kèk ajans Nasyon Zini, òganizasyon entènasyonal ak nasyonal.
Youn nan prensipal misyon Komisyon sa a se fasilite dyalòg ant tout antite ki enplike nan alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl la.Guerda Previlon ki te pran lapawòl nan non Komisyon entè enstitisyonèl pou edikasyon nonfòmèl la swete gen plis jefò ki fèt pou fasilite mizannèv politik sou edikasyon nonfòmèl la ki dwe tradwi nan reyalite popilasyon an.Rasambleman Madan Sara yo (RAMSA), Twoup atistik Rèl ak Jeanjean Roosevelt te kreye animasyon pandan Jounen selebrasyon sa.
Biwo kominikasyon / MENFP