6 juillet 2024
ANADIPP sou gwo dife ki eklate nan estasyon gaz Bon Repo a : « Nou paka fè yon pèp sa »
Actualités Insécurité|Kidnapping Société Tragédie

ANADIPP sou gwo dife ki eklate nan estasyon gaz Bon Repo a : « Nou paka fè yon pèp sa »

à lire aussi: Haïti : Une dizaine de blessés, une centaine de véhicules carbonisés, dans l’incendie d’une station d’essence à Bon Repos | Rezo Nòdwès (rezonodwes.com)

Mercredi 24 aout 2022 ((rezonodwes.com))–Associaton Nationale des Distributeurs de Produits Pétroliers ki gen ti non jwèt li ANADIPP monstre anpil devan gwo dife ki eklate mèkredi maten nan yon estasyon gaz nan zòn Bon Repo.

San ke li pa antre nan detay ki lakoz gwo eksplozyon sa rive fèt, ANADIPP lonje dwèt li sou gwo zotobre ki gen mayèt peyi-a nan men yo pou konnia, menm jan ou fè la desant nan yon chanm otèl. Li voye twit la tou bay gwo mesye ak palto nan bwat leta kote fòk ou pase bò kote andal pil fatra pou rive la tankou @MEFHaiti @MCommerceHT @PrimatureHT @bmpadhaiti.

Sak rive maten-an dapre ANADIPP se « Konsekans enkonpetans nan gestion gaz la« , ANADIP deklare san’l pa site dirèkteman ki moun nan pouvwa PHTK-SDP-Fusion an ki enkonpetan konsa joukaske yo lakoz dapre repòtaj Rezo Nòdwès « une dizaine de blessés, une centaine de véhicules carbonisés, dans l’incendie d’une station d’essence à Bon Repos« .

Li rapousib pou’l di nan menm twit la ke « Nou paka fè yon pèp sa, nou paka fè yon peyi sa« . Li kite pou mèt pwen an ranmase pwen’l men domaj se pa tout moun menm lè yo fè anpil gwo etid, ki rive gen diplòm nan sa yo rele « Avoir le sens de la honte« .

Anpil moun nan manifestasyon Okay, Jakmel, Ti Gwav denonse PM de fakto Ariel Henry kòm yon « nonm mechan ki san la wont tap bese tèt devan blan ki mande’l poul kraze Ayiti pi plis toujou eki mete la polis pou kraze manifestasyon ak gaz lakrimojen ».

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.