26 septembre 2025
André Michel ak SDP plenyen pou jan peyi a ap depafini pandan yo kanpe rèd anndan gouvènman PHTK 3 a
Actualités Kreyòl Société

André Michel ak SDP plenyen pou jan peyi a ap depafini pandan yo kanpe rèd anndan gouvènman PHTK 3 a

Pozisyon ofisyèl Sektè Demokratik Popilè sou konjonkti politik la.

Lendi 22 dawout 2022 ((rezonodwes.com))–

SDP mete chapo l byen ba,  pou salye  kouraj popilasyon an k ap travèse yon moman trè difisil anba men kriminèl tout kalite rejim PHTK a mete sou peyi a. Soti 2011 rive 2021, PHTK aplike kòm pwogram fò nan politk gouvènmantal li: gansterizasyon Peyi a.

Depi yo te rive sou pouvwa a. kriminèl san fwa ni lwa sila yo  detwi totalman lavi sosyal, politik ak ekonomik peyi a. Yo lage Peyi a ak Pèp la nan dezawa total. Sitiyasyon gran banditis sa pran pep la prizonye.

Zak sasinay ki fèt sou 3 manm yon menm fanmi jounen samdi 21 out la ansanm ak konfyolo yo marinen ak Sèten aktè ekonomik pou anpeche pèp la jwenn gaz pou mennen aktivite li yo, se temwayaj klè teworis sa yo pap chome. 

Pandan li ap kondane san rezèv tout zak kriminèl  kèlkeswa nati l ak motivation l sou yon popilasyon ki deja ozabwa anba grangou, kidnaping, kontrebann elatriye,SDP pataje doulè ak lapèn eprèv sa pote nan mitan fanmi 3 moun sila yo ki tonbe jounen samdi 20 out la .

SDP ankouraje ak tout fòs li jefò PNH la, anba otorite gouvènman an, ap deplòtonnen nan trake  bandi nan 4 kwen peyi a tankou  Lwès, Latibonit, Sidès, Nip elatriye. Annatandan yo rive mete men sou chèf gang 400 mawozo a k ap chache met van nan vwèl li pou l pa reponn de zak ak krim gang l ap dirije a selon sa lalwa rekòmande, SDP adrese felisitasyon li yo bay popilasyon nan Ti Rivyè latibonit ki trase wout pou moutre se nan solidarite popilasyon an ak sektè  PNH la Peyi a ka rive dechouke bandi lè yo akonpaye epi aplodi operasyon kont gang Savyen an.

Rezistans bandi yo p ap kenbe lontan lè maryaj popilasyon an ak PNH la konsome tout bon vre.

Pandan n ap mande pèp la aprann egzanp moun savyen yo, SDP ap pwofite mande enjenyè-agwonòm Ricard PIERRE ki reprezante li nan gouvènman an pou l mande gouvènman pou l:

1) pran tout mezi nesesè pou mete gaz la disponib nan ponp  yo, sanksyone tout moun k ap chache alimante mache nwa pwodwi esansyèl sa a. Sa ap diminye tou danje pou moun mouri ak pou byen moun pèdi anba gwo dife 

2) rekile pou 2 a 4 semèn dat ouvèti lekòl la pandan operasyon polis yo ap miltipliye nan trake bandi yo pou pèmèt timoun yo pran chimen lekòl san gwo danje ak menas sou lavi yo

3) veye koken k ap fèt nan dosye gaz la a

4) jwenn yon fòmil pou sipòte manman ak papa pitit yo pou antre lekòl la .
SDP  raple  gouvènman an ak operatè lajistis yo, se lave  men,siye atè si pandan y ap dechouke bandi ak sapat, yo pa kontinye trake kriminèl ak kravat k ap achte epi vann zam ak minisyon anndan Peyi a.

SDP pran kouraj li yon lòt fwa pou mande  konpatriyòt yo, kanmarad politik yo pran egzanp sakrifis kongrè 18 me 1803 a olye pou nou ap miltipliye divizyon sou dikte ak enterè mesken kontrebandye, machann dwòg, zam ak  minisyon anba je konplis kèk aktè malonèt nan kominote entènasyonal la.

San li pa nouri okenn pretansyon kwè se limenm ki ka retire peyi a nan malsite ak lawont li plonje la a poukò l,

SDP mande tout politisyen ak tout aktivis politik pou pran egzanp moun lokalite Savyen paske moman an pa  pou ni goumen ni kriye pou pouvwa ni pou fè konplo pou boule byen Leta men se pito moman pou nou fè linyon pou batay kont fenomèn banditism ki etabli anndan peyi a .

SDP rete disponib pou tout chita  pale ki ka ede Ayiti vin gran Nasyon zansèt yo te reve pou nou tout la.

Me André Michel
pòt Pawòl Ofisyèl SDP
Ing.Marjory Michel
Pòt Pawòl Ofisyèl SDP
 DP Joël Costumé
Manm Direktwa SDP.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.