Men sa nou dwe fè lè yo anonse siklòn

0
1250

KISA POU NOU FÈ POU NOU PREPARE NOU NAN SEZON SIKLÒN ? EPI KISA NOU DWE FÈ LÈ YO ANONSE SIKLÒN ?

Madi 14 jen 2022 ((rezonodwes.com))–

Kisa pou nou fè pou nou prepare nou nan sezon siklòn?

     Pou nou prepare nou nan sezon siklòn, nou dwe:

  • Toujou rèspèkte règ konstriksyon yo;
  • Gen jan epi gen kote pou nou bati kay san nou pa mete lavi nou ak lavi lòt moun an danje;
  • Asire kay ou, byen klouwe tòl yo, pwoteje pòt, fenèt ak rezèvwa dlo yo;
  • Pwoteje tout mèb ki fèt an vit. Ranje vè ak asyèt kristal kote pou yo pa blese moun si yo ta kraze;
  • Koupe branch bwa ki tou pre kay la, oswa fè koupe branch ki bay sou fil kouran yo;
  • Siveye tout sa ki ka mete lavi ou, lavi fanmi ou ak vwazen ou an danje, sitou lè gen gwo van, tankou : pye bwa, antèn, poto kouran ki ka tonbe, ak tout sa fòs van ka bwote;
  • Prepare yon kit ijans;
  • Toujou gen flach, radyo ak kèk pil rezèv pou fè nouvèl.

Kisa nou dwe fè lè yo anonse siklòn ?

   Lòske yo anonse siklòn, kisa nou dwe fè:

   1. Anvan siklòn nan rive ?

  • Rete tèt frèt !
  • Koute pòtvwa, radyo ; swiv televizyon, entènèt pou fè
    nouvèl. Epi gaye nouvèl la bay fanmi ou, vwazen ou ak lòt
    moun ankò;
  • Pare yon ti sak ki gen rad sèch pou sizoka ou ap gen pou
    deplase.

    2. Pandan siklòn nan ap pase ?

       • Rete tèt frèt !
         • Toujou koute pòtvwa, radyo ; swiv televizyon, entènèt pou
             ou jwenn bon jan enfòmasyon sou sa k ap pase;
         • Toujou swiv konsiy otorite yo ak Pwoteksyon sivil.

     3. Apre siklòn nan fin pase ? 

       • Rete tèt frèt !
        • Kontinye koute pòtvwa, radyo ; swiv televizyon, entènèt;
        • Kontinye swiv konsiy otorite yo ak Pwoteksyon sivil;
        • Si ou kapab, pote konkou bay tout moun ki bezwen èd;
        • Pa jennen moun k ap pote sekou yo.

• Kontinye voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape
ak timoun yo. Toujou fè solidarite ak yo.
• Gade ki dega ki fèt bò
lakay ou epi bay otorite yo
enfòmasyon yo.
• Si ou kapab, patisipe nan
repare dega ki fèt nan
kay, pon, kannal ak wout
yo.
• Trete tout dlo ou ap bwè,
sèvi ak pwodui ki fèt pou
sa, tankou jif, klowòks…
Bwè dlo ki trete sèlman

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.