Ministè Edikasyon entèdi seremoni gradyasyon nan nivo preskolè ak nan klas entèmedyè lekòl fondamantal ak nan segondè (rapèl)

0
5423

Entèdiksyon seremoni gradyasyon nannivo preskolè ak nan klas entèmedyè lekòl fondamantal ak nan segondè

Vandredi 3 jen 2022 ((rezonodwes.com))–

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap raple tout moun desizyon ki te entèdi seremoni gradyasyon yo nan nivo preskolè ak nan klas entèmedyè nan lekòl fondamantal ak nan segondè, desizyon sa a toujou kenbe.

Ministè a otorize senpman seremoni gradyasyon nan dènye ane lekòl fondamantal (9yèm ane fondamantal) ak nan dènye ane segondè (segondè 4).

Men, okenn direksyon lekòl pa gen dwa sanksyone yon elèv poutèt li pa patisipe nan yon seremoni gradyason. Se pa yon obligasyon pou paran yo.

Sa depann de volonte chak paran genyen pou li patisipe ou non nan aktivite sa a.Ministè a raple li te pran desizyon sa a, nan yon sikilè ki te pibliye nan dat 16 oktòb 2014.

Se te yon fason pou l te mete yon fren ak anpil deriv li te konstate nan seremoni gradyasyon yo ; deriv tankou direksyon lekòl ki t ap egzije paran gwo sòm lajan pou aktivite sa a, sitou pou timoun ki te nan nivo preskolè.

Direksyon depatmantal edikasyon yo, avèk enspektè lekòl yo, dwe pran tout dispozisyon pou fasilite aplikasyon desizyon sa a kòmsadwa.

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.