Ayiti Koupe Fache : KWONIK # 5

0
281

Raoul Gérard

Mèkredi 11 me 2022 ((rezonodwes.com))–

Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon.Ayiti Koupe Fache ap prezante nou Kwonik #5 sou sitiyasyon jenn yo ann Ayiti jodi a, an patikilye jèn etidyan yo, jèn chomè yo, jèn ouvriye yo, jèn travayè, jèn peyizan. Yo nan Kan Pèp la an jeneral.

Kan Pèp la se ansanm klas sosyal domine, oprime ak esplwate nan sosyete a.Popilasyon Ayiti jèn anpil. Dapre dènye statistik LONI, gen anviwon 11 milyon 600 mil moun k ap viv ann Ayiti jounen jodiya. Plis pase mwatye moun ki viv ann Ayiti gen mwens pase 25 an, konpare ak Etazini, kote mwatye popilasyon an gen plis pase 38 an. An mwayèn, moun ann Ayiti viv jiska 65 an, konpare ak Etazini kote moun an mwayèn viv jiska 76 an. 

Kidonk, Ayiti se yon peyi jèn moun. Se jèn moun Ayiti yo ki gen pou pran devan nan konstwi avni Ayiti. Si pou n gen yon demen miyò, lespwa nou nan men jèn yo. Sa esplike devouman paran yo nan mas popilè yo ki fè gwo sakrifis pou pitit yo jwenn pi bon ledikasyon yo ka fè yo jwenn. Men jèn yo ann Ayiti anfas anpil gwo difikilte: reyalite lavi a ann Ayiti san pitye pou bèl rèv ak lespwa malere.

Jan Moris Siksto te konn di: ou te mèt gen dis plòm, ou te mèt gen ven plòm, ou te mèt gen 100 plòm… pòt baryè a ret fèmen. Sou 100 etidyan ki diplome ak bèl nòt, pa menm gen yon dizèn k ap jwenn yon travay ki kadre ak nivo etid yo. E nan pi fò ka yo, se moun ou konnen ki konn moun ki ka fè w jwenn yon debouche. Nan sitiyasyon malouk sa a, anpil jenn ap reve kite peyi a pou ale chache lavi nan lòt peyi. Nan lane 2017 la sèlman, te gen 200,000 jenn fanm ak gason ki te pati pou peyi Chili ak Brezil, sitèlman jenn sa yo pat wè okenn lavni pou tèt yo ann Ayiti. Anpil nan jenn moun sa yo te fini lekòl. Se yon gwo pèt pou Ayiti. 

Nan 12 lane ki sot pase la a, leta pouri a louvri vant peyi a pou tout kalite vye mès penetre jenès peyi a. Se “lekòl” lage nètalkole tètkaleman. Phtk alatèt peyi a, osèvis klas dominan reyaksyonè yo, pouse jenès la nan debòch san limit.

Leta pouri a, diferan gouvènman yo, klas reyaksyonè yo, politisyen yo, peyi enperyalis yo/core group mete gwo zam fannfwa tout kalite nan men yon bann gang, epi yo federe gang/milis paramilitè ame asasen sa yo k ap rekrite yon pakèt jèn.Kidonk, nan mitan tout mizè, tout povrete, lavichè ak chomaj nan mitan mas popilè yo, klas reyaksyonè yo ap soudwaye yon bann jenn fanm ak gason nan move zafè, nan devègonday, nan pèdisyon, nan dejeneresans. Sa vin lakoz nou gen pòsyon nan yon jenerasyon jenn moun ki atèplat, ki pèdi, ki san bousòl.Atoutsa, gen jenn ki pa dakò viv nan kondisyon sa yo e ki wè nesesite chanjman. Sepandan anpil nan jenn fanm ak jenn gason sa yo pran nan w kouran politik politisyen ki limite ou bloke orizon yo sou sa ki pou fèt reyèlman pou chanje kondisyon sosyal mas popilè yo.

Politisyen sa yo ba yo anpil koutba. Lè politisyen yo rive nan souse manmèl la, ap ranpli pòch yo ak milyonven, yo annik kite pi fò nan jèn sa yo dèyè. Men anpil nan jenn fanm ak jenn gason sa yo kontinye fè laviwonndede ozalantou politisyen vyeratdokale yo akoz yo pa wè okenn lòt altènativ. Men gen dòt jenn fanm ak jenn gason tou ki rive kenbe diyite yo. Lè yo gen chans, yo ka rive entegre divès chan aktivite ekonomik kote yo vann fòs travay yo, menm lòske se pou yon salè mizè. Boujwa yo ak grandon yo nonsèlman ap eksplwate yo san limit men tou konn gen anpil agresyon ak represyon sou yo nan travay yo.

Sepandan san yo ka poko rann yo kont de sa, se jenn fanm ak jenn gason sa yo ki gen potansyèl reyèl pou reprezante lavni mas popilè yo ap chache a. Menm lòske yo ka dekouraje anfas difikilte lavi yo, yo gen potansyèl pou gonfle fòs yo, gonfle kouraj yo ak kanmarad parèy yo pou rantre nan batay pou chanje konsidyon lavi yo ansanm. Batay kolektif sa a se li sèl ki pote yon lespwa vre, jouktan nou tout nan mas popilè yo rive chavire chapant pouri sosyete Ayisyen an. Se nan goumen ansanm n ap rive konprann batay nou pa batay yon grenn moun anfas yon kolòn devèn, men se batay yon pèp pou libere tèt li.

Men temwayaj you ouvriyez nan faktori zòn franch Kodevi Wanament : « Mouche Leta,… kite m poze w kèk kesyon: Eske m pa ka itil peyi m ? M te bezwen pase 4 lane nan linivèsite pou m te vin ouvriye k ap travay pou 5 mil goud chak 15 jou ? Eske se pati pou m pati kite peyi a pou m rive fè bonè m ? Kijan jèn ka fè avni peyi a si nou kangannen tout jefò y ap fè ? Kijan n santi nou lè pitit sòyèt ap pase tray konsa pandan n ap piyafe sou do yo ? Si n sispann krache sou diyite nasyon an nan fè bèl diskou san konviksyon pou n panse vrè pwoblèm peyi a, sa ap anpeche nou moun ? Ki mòd Leta ou ye menm ? Ou mande m pou m al lekòl, m ale jiskaske m gen diplòm, kounye a kisa m dwe fè ? Pran zam ? Kite peyi a ? M ap raple ke se pa ladesann yo banm sou ti bout tè sa : Ayiti se pou nou tout. Se swa l pa bon pou nou tout, oubyen l bon pou nou tout ! »Kwonik sa a pral eseye dechifre diferan rezon ki akouche reyalite malouk sa a an Ayiti ankò plis pase nan anpil lòt peyi.

Premye konsiderasyon nou ka fè, se yon konsiderasyon ki konsène tout peyi an jeneral. Se chapant soyete yo ki detèmine ki plas ki genyen pou diferan moun, kit se plas pou ouvriye, kit se plas pou patwon, kit se plas pou enjenyè, kit se plas pou avoka, kit se plas pou agwonòm, kit se plas pou kontab, kit se plas pou pwofesè, kit se plas pou chofè, kit se plas pou bèf chèn… Ki vle di, plas yo limite. Se pa yon diplom ki ka fè w jwenn yon plas si pa gen plas ankò.Youn nan pwoblèm nou ann Ayiti se pa gen plas ankò. Prèske tout plas yo fin ranpli, esepte plas nan Chomeko. Se sa k fè tipeyizan pòv janbe fwontyè Dominikani, etidyan diplome al chèche travay koud rad nan faktori pou defann lavi yo. Se sa k fè anpil jèn met lespwa yo sou yon paspò dekolaj, you kanntè, osnon yon biyè avyon pou al ateri nan yon peyi yo pa menm konn pale lang li. Oubyen yo tonbe nan trafik gang ak mafya.Chapant Ayiti kofre. Ekonomi Ayiti kokobe. Ann chache konprann poukisa.

Ayiti se yon peyi domine depandan, anba kontwòl klas dominan lokal sousou puisans enpeyalis yo, sa nou konn rele Core Group lan. La menm nou ka degaje 2 faktè prensipal: nati anti-nasyonal klas dominan lokal yo epi dominasyon gwo puisans etranje yo sou Ayiti, sètadi dominasyon enpeyalis lan.

1.   Klas dominan lokal yo, sètadi lelit ki opouvwa ak sa ki chita sou tèt nou yo toupatou nan peyi a, yo tout anti-nasyonal. Boujwa bòdmè yo ak boujwa soutretans yo (sa nou ka rele boujwazi konpradò a), yo asosye ak yon pakèt gwo konpayi etranje, e yo manje nan menm asyèt ak kapitalis etranje yo. Boujwa granmanjè nan leta a, sa nou konn rele boujwazi biwokratik lan, yo fè bè yo nan konminezon, malvèsasyon, vòl ak piyaj kès leta a, asosyasyon malfektè dilè dwòg ak kontrebandye, elatriye…

2.   Dezyèm gwo faktè ki bloke devlopman peyi a, ki kofre chapant peyi a epi ki fè ekonomi peyi a kokobe, se dominasyon gwo puisans etranje yo sou prèske tout sa k ap pase ann Ayiti. Se sa nou rele dominasyon enpeyalis lan. Envazyon, lokipasyon, koudeta, kore diktatè sanginè, asèvisman politik nasyonal yo anba dèt etranje… tout pou benefisye enpeyalis yo.

Nou ka konstate rezilta 2 gwo faktè sa yo jounen jodiya ann Ayiti: Chapant Ayiti kofre. Ekonomi Ayiti kokobe. Jèn yo ann Ayiti san zespwa. Asosye sousou vann peyi yo ki nan tèt leta a oubyen sa k ap konspire pou yo rive sou fotèy boure a, yo tout se aplikan pou ranpli menm djòb lan: aplike plan enpeyalis lan, plan FMI a.

Se konsa nou te wè gouvènman Lavalas yo devalorize goud la, retire taks ladwàn epi louvri peyi a bay pwodui enpòte: diri, poul, pèpè…, privatize endistri nasyonal yo, enstale zòn franch Kodevi nan Karakòl sou tè ki pi fètil yo, redui leta a, redui tout pwogram asistans soysal yo…

Se konsa tou nou te wè rejim PHTK yo deklare: “Haiti is open for business”, ki vle di sousou vann peyi yo pare pou met plis zòn franch salè mizè, vann kontra konseyon minyè, fè bèl plaj pou touris etranje, epi bay konsesyon pou plantasyon agrikòl pwodui pou lespòtasyon, pandan y ap konbine pou vann dwòg, zam ak kontrebann, pandan y ap vide kès leta a.

Nan 2 pwochen kwonik Ayiti Koupe Fache n ap gen pou nou rete ak plis detay sou chak nan 2 gwo faktè sa nou te mansyone yo: nati restavèk, sousou, anti-nasyonal klas dominan yo epi dominasyon enpeyalis lan k ap kofre Ayiti, k ap kokobe ekonomi peyi a. Nou kwè li enpòtan pou jèn k ap reflechi sou lavni yo rive konprann sitiyasyon n ap viv jounen jodiya pou nou koupe fache tout bon ak fo solisyon kaka poul pou bè.Kidonk, si w se yon jèn ann Ayiti k ap reflechi sou avni w, jounen jodiya ou dwe klè: se sèl yon chanjman radikal transfòmasyon chapant sosyete a ki ka ofri w yon demn miyò. Chapant sosyete a pouri, leta a pouri, gouvènman yo entatad. 

Lespwa nou menm Jenn fanm ak Jenn gason se pa entegrasyon leta/gouvènman pouri a. Lespwa nou se rantre nan batay otonòm pou demantèlman leta/gouvènman sa a pou Kan Pèp la rekonstwi depi kounye a yon leta demokratik popilè tou nouvo ak Travayè kòm potomitan. Lespwa nou pa ka nonplis nan diferan akò ki al chèche benediksyon anbasad meriken an, paske nou deja wè ki sa benediksyon sa a vle di: se plis mizè pou malere, plis avantaj pou granmanjè ak gwo konpayi miltinasyonal yo.

Sèl lespwa nou se nan gonfle fòs nou, òganize klas ki gen yon enterè nan yon chanjman tout bon vre pou chavire sitiyasyon malpataje sa a k ap gangrennen peyi a.Se sa ki fè, nou menm nan Ayiti Koupe Fache, nou di fòk nou koupe fache tout bon vre. Fòk nou sispann mache dèyè kandida, sispann sèvi kòm kapòt politisyen. Se leta a menm ki pou chavire. Se yon nouvo leta, anba kontwòl mas yo ki pou kanpe. Se lit òganize otonòm travayè ki pou sòti peyi a nan twou santi li ye a. Se lit òganize otonòm kan pèp la ki ka transfòme peyi nou, pou nou tout kapab viv ak lespwa yon demen miyò.

Viv Lit Demokratik Òganize Otonòm Kan Pèp la ak Travayè Kòm Potomitan! 

https://www.youtube.com/watch?v=qB-gmiZ4O_g

Kawonabo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.