15 juin 2024
Leta pa di anyen nan zafè timoun ki ap bwè kleren
Actualités Société

Leta pa di anyen nan zafè timoun ki ap bwè kleren

Samdi 16 avril 2022 ((rezonodwes.com))– Leta dwe ekri on lwa pou l egzije brasri yo pou yo vann alkòl selman ak biznis ki ka prezante lisans ki otorize yo achte ak vann alkòl ak piblik la.

Lwa sa t ap redwi zafè timoun kap bwè ak vann kleren paske biznis yo ap gen obligasyon pou mande konsomatè yo pou yo montre kat didantite yo avan ke yo resevwa bwason an.

Twop timoun tafyatè an Ayiti. Nenpòt timoun ka achete kleren nenpot ki kote. Nenpòt ki moun ka deside ouvè on biznis glasyè pou yo van byè, kleren, ak lòt tip dalkòl. Leta pa di anyen sou sa pandan ke timoun yo ap mache nan lari a ap boutèy bouda plat nan pòch yo.

M propoze pou nouvo palman an vote on lwa pou tout moun ki vle vann alkol pou yo gen on lisans pou fè sa. Lwa sa ap intèdi biznis vann kleren ak moun ki pa gen kat didantite. Biznis yo dwe mande moun kap achte yo pou yo idantifye yo pou yo asire yo ke moun sa yo lan gen laj pou yo achte e konsome alkòl.

Lwa sa tap intèdi paran voye timoun al achte kleren. Li tap intèdi timoun vann kleren. Biznis ki pa respekte prinsip sa yo ap peye kontravansyon. Si yo residive, yap pedi lisans alkòl yo e mem ka pran prizon.

Bobb Rousseau
www.cecoyauniversity.com
www.medicpam.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.