Boston, samedi 9 avril 2022 ((rezonodwes.com))–Oganizasyon dwa zimen NEHRO ak plizyè lòt òganizasyon ak mouvman sosyal nan dyaspora Aysyen ki nan Etazini, Kanada, la Frans…met tèt ansanm pou òganize mèkredi kap 18 Me 2022 a, Jou fèt Drapo-a Ble e Woug nou an, yon kokenn chenn mach pasifik nan Washington DC, kote tout gwo zotobre nan administrasyon Biden lan chita.
Daprè òganizatè yo nan yon klip odyo ke yo voye bay jounal sitwayen endepandan Rezo Nòdwès, mach la kap kòmanse depi 10è nan maten mèkredi 18 me a, ap gen pou pase devan Kongrè-a (Capitole). Dapre yo, se yon fason pou yal remèsye Depite ak Senatè meriken yo pou tout bèl inisyativ yo pran pou Ayiti pa fin’n tonbe nèt nan deblozay kote Core Group, Binuh, OEA… foure’l ak bandi legal PHTK, yon veritab destriktè.
« Nou pral di administrasyon Biden lan ke pèp Aysyen an fatige, twòp mounn ap mouri, twòp zam ap distribye nan peyi-a, siapann sipòte kowonpi, kowiptè, kidnapè nan tèt Leta Dayiti-a« .
Mach sila sa ki gen pou dire 4 trè d’ tan depi 10 zè nan maten pou rive 2 zè nan aprèmidi, nan vil Washington, se pou fè tout ameriken konnen, daprè òganizatè yo ke jounal la kontakte, ke sitwayen an Ayiti menm jan ak mounn Ukraine ap soufri anpil tou. »Kidnapè ap asasine pèp aysyen chak jou« , la anba je Binuh ak rejim PHTK ki kreye gang yo, yo te kontinye pou di.
« Abraham di sè tase », deklare manm mouvman sa a ki konte anpi sou Aysyen tou patou nan peyi Etazini, Kanada, La Frans, Meksik, Repiblik Dominikèn…pou vinn leve vwa nou e fè konnen Ayiti se yon peyi menm jan ak tout lòt yo.
audio
