Ariel Henry ap fè dilatwa pou fè pèp’la soufri pi plis, se sa BSA souliye nan yon nòt ki montre ke se avèk Anbasad meriken ke mouche gen rapò nan fè demagoji

0
2205

Mercredi 6 avril 2022 ((rezonodwes.com))–Premye minis de fakto, Dr. Ariel Henry, ke yon blan ki pase tèt yo pou mèt peyi Dessalines lan, te rive depoze nan fotèy la Primati a, retire gan an vlou a ki te kouvri men’l pou’l ka montre ki longè grif li genyen e pa gen anyen ki ka fè’l pa fè eleksyon pike kole pou rejim PHTK-Tèt kale ka kontinye fè pèp Aysyen soufri anba la mizè ak zak bandi.

Konsa, dapre mamb Biwo Swivi Akò Montana a (BSA) ak yon dal latriye lòt lidè, tankou Kolonèl Rebu, ansyen senatè Latortue, Mouche Ariel ki te boude rankont ak BSA e meprize ti rès Sena a, swete voye dosye Ayiti a devan Kongrè ameriken. Dòk Henry ki pa yon egare menm lè li montre se yon nil li ye nan jere paeyi, pase pa patron’l ki se anbasad meriken pou’l fè konne ke li prè pou yon dyalòg politik.

Zak sa, dapre BSA, se dilatwa li ye piske Dòk Ariel ki di li monte yon komite medyason ta sanble yon gwo manti. « Pa gen pyès aktè politik konsekan nan peyi-a ki te konsilte » lè mouche ariel ta monte komite sa-a, se sa BSA raple pèp Ayisyen, yon fason pou di ke solisyon ak kriz peyi Dayiti a pa pou demen. Ariel ap fè jou pase e li ta sanble li pran plezi nan fè pèp la pase mati alòs ke menm la polis ak la jistis ap kouri pou bandi swa nan fè wout krochi pou ale Okay ou byen mande yon ti plas pou fè la Jistis sou branka fè yon ti kanpe.

Komite politik biwo suiv akò Montana ki di li tande rè’l popilasyon an ki tap dòmi e ki kòmanse louvri jé’l pou denonse koalisyon PHTK-SDP-MTV-Fusion kòm zanmi koken, ke « nan sans sa lap avanse nan chita-pale chita-tande ak tout lòt aktè politik », nan objektif « pou travay ansanm pou retire Ayiti nan mer ke zòt foure’l la ».

BSA sèmante ke li menm ak tout lòt mounn ki siyen anba dokiman sa, yo pap kite mounn (ces conzés domestiques) -« kontinye bloke nasyon nan wout Construccion Leta pa’l pou’l jwenn chimen grandèt li.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.