Patenarya sou ansèyman lang, syans ak edikasyon sou anviwònman

0
1216

Vandredi 1e avril 2022 ((rezonodwes.com))– Minis Edikasyon nasyonal la te chita pale jodi mèkredi 30 mas la, nan lokal Enpeksyon jeneral Administrasyon Edikasyon nasyonal la, nan Miso, avèk atache kiltirèl Anbasad ameriken nan Pòtoprens. Wiliam Bellis, ki te gen ak li Romuald Zamy, te vin prezante bay minis Nesmy Manigat de pwogram koperasyon Anbasad la konte develope nan tèt kole avèk ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP).

Pwogram pou amelyore ansèyman anglè nan lekòl yo

Premye pwogram nan pral chita sou yon patenarya ki vize ranfòse konpetans pou amelyore ansèyman anglè nan lekòl yo pa bò isit. Pou sa rive fèt, swivan mekanis de pati yo va mete an plas, y ap seleksyone yon premye gwoup anseyan sètifye ki dwe sòti nan tout dis Direksyon depatmantal Edikasyon yo. Kowòt sa a pral swiv yon fòmasyon entansiv aletranje. Aprè sa, yo va tounen fòmatè ki pral reprann fòmasyon sa pou lòt anseyan yo, daprè detay William Bellis te bay nan okazyon an.Pwogram nan pa gen pretansyon fè fòmasyon andiplis pou tout moun k ap anseye anglè nan lekòl yo, men li ta dwe fè yon diferans e petèt ankouraje lòt inisyativ ki ale nan sans sa.

Konpetans lengwistik la, yon atou pou jèn yo

Minis Nesmy Manigat byen akeyi pwogram patenarya sa ki, selon sa li di, pral devlope nan kontèks refòm kourikoulòm lekòl la, sòti nan preskolè pou bout nan segondè. Minis la pa ekate pou ta chèche nan menm kad sa a posibilite pou patenarya sa a ta mete yon ekspètiz entènasyonal aladispozisyon Komisyon nasyonal syantifik kourikoulòm nan yon fason pou anrichi travay sou lang yo anseye nan lekòl an Ayiti (Kreyòl, Fransè, Anglè, Espanyòl).

Akòz tranzisyon lengwistik peyi ap viv la, nimewo En Edikasyon nasyonal la deklare jèn yo bezwen gen plis konpetans lengwistik paske yo vwayaje anpil pou ale etidye oubyen travay nan lòt peyi. Sou pwen sa, konpetans lengwistik yo ede anpil nan entegrasyon sosyal ak pwofesyonèl nan nouvo peyi d akey sa yo.Pou fòmasyon sa a fèt tout bon vre yon lòt jan e pou li bay bon jan rezilta, minis Manigat te montre li favorab ak enstalasyon laboratwa lang ki pou sipòte travay anseyan yo pandan l ap fasilite konpreyasyon aprenan yo.

Gen plizyè lòt konsiderasyon MENFP ak Anbasad ameriken ap gen pou fè nan kad pwogram sa a ki dwe fondamantalman, menm si se tipa tipa, amelyore anseyman anglè nan lekol yo. Fòme sitwayen syantifik, youn nan objektif Pwogram « Globe » la Dezyèm patenarya a pral chita sou Pwogram « Globe » la. Pwogram sa a ap chèche develope enterè kay elèv yo pou syans ki an rapò ak anviwònman.

Insyativ sa a gouvènman ameriken an lanse depi 1995 deja touche plis pase trant mil anseyan k ap travay nan plis pase trant mil lekòl nan sandiznèf peyi. Lide ki dèyè tousa, se kreye yon kominote mondyal ki gen ladan elèv, anseyan ak syantifik k ap travay ansanm pou konpran, prezeve epi amelyore anviwònman an. Tout moun ki enplike nan Pwogram « Globe » la travay pou tounen « sitwayen syantifik ». Yo fè prelèvman, mezi ; tout done sa yo ale nan yon baz santral pwogram nan e yo kapab sèvi pou demare rechèch syantifik.

Pwogram « Globe » la, yon kouvez pou kreye vokasyon pwofesyonèl

Se avèk menm entère a minis Manigat akeyi Pwogram « Globe » la nan moman gen jefò k ap fèt pou gewosyans yo kapab antre tout bon vre nan ansèyman nan lekòl yo. Sa dwe sanbilize jèn yo sou nesesite pou yo develope bon jan pratik kap pèmèt yo evolye nan yon anviwonnman ki pa tounen yon pyèj pou yo ni pou pwochen jenerasyon yo. Men tou, mòd aktivite sa yo kapab kreye kèk vokasyon lakay jèn, fi tankou gason, ki ta vle develope konpetans yo epi fè karyè nan jewosyans yo.

Pou sa ki konsène Pwogram « Globe » la, de pati yo genyen pou apwofondi echanj yo ki dwe debouche sou siyati yon memorandòm. Lanaza se prensipal esponsò Pwogram « Globe » la.

Pou jwenn plis detay, vizite sit wèb sa a : www.globe.gov Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.