26 octobre 2026
Marvel Dandin deklare  »si pèp la aksepte chanjman konstitisyon 1987 la, l ap peye sa pi lwen »
Actualités Société

Marvel Dandin deklare  »si pèp la aksepte chanjman konstitisyon 1987 la, l ap peye sa pi lwen »

35 e anivese Konstitisyon 29 mas – Si pep aysyen aksepte yon chanje Konstitisyon an konsa, “yap peye sa pi lwen”, se sa analis Marvel Dandin deklare

Madi 29 mas 2022 ((rezonodwes.com))—Ariel Nery dwe sispann yon fwa pou tout pawoòl dwat e goòch ke fòk konstitisyon an chanje, paske li pa gen pyès otorite pou vi n fè sa, se pinga sa ke anpil moun ki t ap manifeste Jodi madi a voye bali.

Yo tou di mouche Henry ke blan yo bay veye pouvwa a pou l konprann wòl li. Valèt pa mèt.

Pou analis politik Rayo Kiskeya Marvel Dandin, “n ap gen pou peye sa chè si nou kite yo chanje konstitisyon 1987 la konsa”. Mouche Danden tou presize kòman pou chanjman sa a ta fèt. Men li pa pwononse kont yon konsansis lajman laj ki pou ta rive fè sa ak prensip.

Nap raple que mouche Ariel Henry ki santi li telman chèf a latèt yon ti peyi ki pi pòv e ki pi kowonpi nan Karayb la, ke fòk manman lwa peyi a chanje.

Mouche Henry ki soti pou fè tout sa ApreDye te vle fe e pa t ka fè, gen sipò Andrè Michel, Reginal Boulos, Edmonde Beauzile poul pike pi devan nan mete sou kote tout lwa pou fè moun ki mete l sou pouvwa a plezi.

Premye minis de fakto a, nap raple, gen non l, selon jounal NY Times ak CNN, kòm moun ki mele nan zak touye fiyèl Michel Martelly, 7 jiyè pase a.  

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.