25 septembre 2025
Ki kote istwa Bouki ak Malis soti?
Actualités Culture Kreyòl Société

Ki kote istwa Bouki ak Malis soti?

Madi 22 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))– Bouki ak Malis se 2 gran pèsonaj imajinè ki make literati nan bouch an Ayiti. 2 pèsonaj sa yo sibi anpil transfòmasyon nan fòm ak ekspresyon kiltirèl nan tradisyon oral nou. Bouki ak Malis jwe yon wòl fondalnatal nan bay timoun yo prensip epi devlope fòm entèlijans ak anbisyon yo.

Listwa Bouki ak Malis sòti nan literati nan bouch nan kontinen afrik. Fòm kreyasyon literè sa ta sanble debake depi sou tan lakoloni nan karayib la. Si Bouki ak Malis se 2 pèsonaj imajinè ki souvan pran fòm moun ebyen listwa 2 pèsonaj sa yo rakonte sou fòm 2 zannimo nan blòk lwès kontinen afrik.

Nan kont popilè ayisyen, Bouki eksprime tout sa ki mal : enbesil, devenn se kèk pami anpil lòt egzanp. Yon lòt bò, Malis li menm eksprime tout sa ki bon tankou entèlijan, (rize) ak chanse. Dayè youn nan liv popilè pou timoun an Ayiti pote non “Ti Malice au pays des lettres”.

Pou koulye a fòm kreyasyon literè sa (Liv kont ) komanse diminye nan rakontaj san nou pa bliye kantite lekòl ak sant kiltirèl ki sispan sèvi ak kèk nan yo tankou liv Bouki ak Malis. Kidonk 2 gwo pèsonaj imajinè sa yo ki te make tradisyon oral ayisyen an komanse disparèt.

Menm jan pa gen sosyete san kilti, pa gen sosyete tou san mit. Konskriksyon mit yo chita tou dwat nan pwosesis kreyasyon atistik yo. E travay kreyatè sa yo penmèt nou dezabiye sosyete a pi byen pou nou rive konprann, analize ak apresye ansanm valè sosyal ak kiltirèl li.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

Ou ka li tèks sa tou sou enfo7.net

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.