Wyclef resi bay rezon bif ant Fugees ak Tupac

0
2074

Madi premye fevriye 2022 ((rezonodwes.com))– Chantè rap meriken 2Pac te toujou nan bif ak lòt rapè pandan li te vivan.

Se konsa, li pa t manke pati ak bòt gwoup Fugees, ki te gen ladan l, 2 ayisyen Wyclef Jean ak Pras, epi yon fanm meriken, Lauryn Hill.

Tout moun ka sonje Fugees te takle 2Pac nan albò Cowboys la. Tupac li menm pa t manke shoute sou gwoup Wyclef la nan mizik li an  »When We Ride On Our Enemies ».

Plis pase 25 lane apre lanmò Tupac, Wyclef Jean resi bay rezon ki fè te gen ti dife vole ant Fugees ak rapè meriken an ki vin tounen yon mit pou tout jenn Etazini.

Pandan yon pòdkas Matt Hofa, Wyclef di se akoz relasyon li ak Haitian Jack epi Jimmy Henchman ki fè tout bagay sa yo rive.

 »Si Pac gen yon pwoblèm ak yon moun e ou menm ou byen ak moun nan, enben Pac tou konsidere w gen pwoblèm ak li tou », Wyclef eksplike.

Anpil moun petèt bliye Haitian Jack, yon ayisyen ke vrè non li se Jacques Agnant, ki te konn fè e defè nan lari Nouyòk, yon vil kote Wyclef di  »moun pa mache san fizi ».

Menm gwo gangstè te pè Haitian Jack e se li menm ki ta pral montre 2Pac lavi  »Nèg lari ». Men 2 lawon yo pral vin dozado lè 2Pac pral nan prizon alòske Haitian Jack kontinye ap kouri nan lari a lib e libè. Gen pawòl ki di tou se akoz Haitian Jack Tupac pèdi fanm li, gwo Mega vedèt Madonna, tout moun konnen an. Sanble, Madonna te plis renmen bon jan gangsta a, Haitian Jack ke ti ze fele Tupac.

Koulye a la, Haitian Jack, depòte depi 2007 e l ap viv lavidous ant Okap ak Santo-Domingo.

Henchman, 2Pac, Haitian Jack
Haitian Jack et Madonna

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.