André Michel :  »Mwen pwòp, mwen pa nan krim, mwen pa gen lajan leta nan men m »

0
2563

Samdi 15 janvye 2022 ((rezonodwes.com))–

Mesye Dam Poze ! Poze ! Poze !

Gen anpil moun kap atake m chak jou Bondye mete depi 7 mwa. Yo pa fouti Jwenn yon dosye sou mwen. Mwen pa konn touye moun. Mwen pat janm nan dwòg, mwen pa janm nan koripsyon. Mwen pa gen okenn move dosye. Pa gen bagay serye yo ka di sou mwen.

Yo pase 7 mwa ap frape m. Yo pa fouti gouye plim sou do mwen. Mwen pa jan m fè anyen ki pa sa nan peyi a. Yo mèt Koumanse pale soti isit rive nan Ginen, yo pap janm jwenn anyen sou mwen paske mwen pwòp, mwen pa nan krim. Mwen pa gen lajan leta nan men mwen.

Mwen vle di yo atansyon! Mwen di yo atansyon! Mwen konn tout dosye yo. Mwen konnen yo nan dwòg, mwen konnen yo nan koripson. Mwen konnen yo konn touye moun.Yo gen anpil vye dosye sou do yo.

Mwen vle di yo poze. Poze ! Poze ! Poze! Si yo pa poze, yon jou map pale ak yo. Mwen konnen anpil nan yo se ansyen kanmarad mwen paske nou te konn kanpe menm kote.

Atansyon! Atansyon! Atansyon! Sispann atak yo.

Mwen gen 3 avantaj sou yo: 1) Mwen pa gen okenn dosye. 2) Mwen konnen dosye yo. Mwen pa jan m pè pèsonn moun sou latè men m si gen anpil moun mwen respekte.

Epi map di yo sa, lè mwen deside atake yo, se pa ti piti yo voye devan map pran. Se yo menm dirèkteman map atake paske mwen konnen yo. Mwen konn dosye yo.

Rale kreyon nou make, jodi 14 Janvye 2022, li fè 8 tè nan aswè!

André Michel
Avoka inisyatè pwosè PETWOKARIBE
Sitwayen angaje.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.