25 septembre 2025
Gwo dife pete nan Palman Afrikdisid la. Pati lokal Asanble Nasyonal la boule rapyetè
Actualités Kreyòl Société

Gwo dife pete nan Palman Afrikdisid la. Pati lokal Asanble Nasyonal la boule rapyetè

Dimanch 2 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Yon gwo dife pete dimanch nan Palman peyi Afrikdisid.

Flanm dife monte disèt wotè. Anpil kote nan kapital la, Okap, moun ka wè lafimen k ap monte nan syèl la.

Yon patii nan tèt kay la boule epi tonbe plat atè. Dapre otorite yo, dife a te kòmanse 2 kote, pami yo yon pati ki gen biwo e li te fè chimen li nan lòt pati nan Palman an, jouk li rive nan zòn Asanble Nasyonal la.

Patricia de Lille, minis Travo Piblik, fè konnen ke Lokal Asanble Nasyonal la boule rapyetè, men pa gen moun ki viktim.

Pou lapolis, dife a sanble tankou 2 gout dlo ak yon zak kriminèl.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.