Premye janvye – Gonayiv : « Fòs Reyèl » deside  »Lòk » SenMak pou bare Ariel

0
2000

Mèkredi 29 desanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Oganizasyon « Fòs Reyèl Sen Mak », ki pa danse kole ak fason peyi a ap gouvènen koulye a, anonse nan jounen ayè a, li pral lanse operasyon « Lòk Saint-Marc ».

Mouvman sa ap vini pou bare kòtèj premye minis defakto Ariel Henry ki sanble pa vle fè bak sou desizyon pou li al Gonayi nan jou premye janvye, fèt lendepandans la.

Bagay la genlè p ap dous ditou pou PM de fakto Ariel Henry, si li vle tout bon vre al fete premye janvye nan vil Gonayiv.

Depi majistra Gonayiv la Donald Durogène te fin anonse sou sit Rezo Nòdwès la Ariel Henry ap vin pran Tedeyòm nan katedral ak Ochan sou plas Lendepandans, bonnèt militan Raboto yo te tou vire dèyè tèt yo.

Dife mete, kawotchou boule, wout bloke. Moun yo di se sou fyèl yo pou gouvènman kowalisyon PHTK 3 sa ta pase pou vin fè grandizè nan vil kote batistè lendepandans lan te kouche a.

Minis Enold Joseph ponpe. Malgre li se nèz Gonayiv epitou gwo palto k ap jere lame Jovnel te remobilize a, anyen pa ta!

Frantz Elbe mate, anyen menm! DG Elbe oblije debake pou vin di  »Gonayiv pa Matisan » ! Okontrè koutpye chèf polis pou ti bout tan an monte kòlè kèk nèg azam disèt wotè.

Apre Elbe vire do li, se manman mare senti. Kout zam marye. Menm yon bòs ki t ap degaje l fè ti djòb nan monte estann ofisyèl pou Ariel pran bal.

Majistra menm, viktim tou, paske moun yo pa rive idantifye kole dife nan  »Lama Cosmetics », yon biznis li. Manman bèf. Ariel leve plim sou don mesyedam yo ki t ap dòmi.

Ansyen rebèl Anti-Aristid la, Winter Etienne di aklè, li bay Ariel defi pou vin paweze Gonayiv. Li demanti tout rimè li te aksepte pran kòb ekip Ariel la te ap simaye bay militan pou ta kite chèf primati a vin fè shèlbè sou non ak travay zansèt yo.

Si koulye a la, apre SenMak, lakay Rosemila, Akayè, ta va antre nan jwèt la, ou mèt tou di Ariel pran nan zip!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.