Yon gwoup ayisyen pwopoze Akò Politik Global ou Akò Alyans

0
1886

NOT Pou LAPRES / KOMISYON ALYANS

Pòtoprens, jou ki Madi 21 Desanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Komisyon  Alyans  ap  salye  Laprès  Pale,  Ekri,  Televize  ak  Laprès  an  Liy  yo    pou kokenn travay yap reyalize nan Sosyete Ayisyèn nan e sitou nan bay kontribisyon pa yo nan chache limyè pou Nasyon an. Chapo pou nou !

An mèm tan li voye senpati pou Moun Okap yo, Fanmi ak Zanmi Viktim yo ki sot touche nan de (2) dram ke l sot konnen la yo.

Komisyon   Alyans   lan vi n  prezante ak Nasyon Ayisyèn an e ak Kominote Entènasyonal la yon Akò Politik tipikman Ayisyen kote se Pitit Peyi a  ak plizyè Pati Politik ki agreye nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a e Oganizasyon nan Sosyete Sivil la ki chita ansanm epi ki akouche Akò Enklizif sa ke nou rele Akò Politik Global ou Akò Alyans.  

Akò sa pran ankont reyalite Sosyal, Politik ak Ekonomik Peyi a ; e l pote yon solisyon dirab nan kriz politik  kap travèse Peyi a.

Ki donk, Akò Politik Global sa ou Akò Alyans lan vi n retire Peyi a nan bouyi vide ke l pran la e sitou pou evite l tonbe nan yon katyouboumbe politik avan e aprè 7

Fevrye 2022. Dirije se prevwa, se pou sa Komisyon Alyans lan vi n mande pou tout

patryòt, pou tout Gwoup Politik ak Sosyete Sivil ki fè yon Pwopozisyon Soti Kriz ou Akò Politik pou kontinye pote kole ak li, menm jan plyzyè nan yo gentan chita ak Komisyon Alyans lan pou yon vizyon tèt ansanm pou n sove Nasyon nou an ki an danje.

Akò Politik Global sa ou Akò Alyans sa, pwopoze yon solisyon nan sans lakay nou, pandan nap chache rete piprè e nan lespri Konstitisyon Peyi a ou swivan tradisyon lakay nou. Se sak fè nou gen yon plan A ak yon Plan B. Nan sans sa, nou Pwopoze ak Nasyon an yon Konsey Nasyonal Gouvènman (KNG) ou Konsey Prezidansyèl  ki pou dirije Peyi a 7 Fevrye 2022 kap vini la, KNG sa ap gen poul konpoze de tout Akò  Politik  yo  men  fòk  nou  ajoute  ladan-n  yon  Reprezantan  Laprès  ak  yon Reprezantan Lajenès.

Konsey Nasyonal Gouvènman an ou Konsey Prezidansèl la ap konpoze konsa:

Reprezantan Akò 11 Septanm 2021 nan

Reprezantan Akò Alyans lan ou Akò Politik Global la

Reprezantan Akò Montana a

Reprezantan Akò PEN nan

Reprezantan Akò CESOC la

Reprezantan Akò pou la ri-a

Reprezantan Akò Soley Leve a

Reprezantan Akò Final de Vertière a

Reprezantan Akò Mache pou Lavi

Reprezantan La Près

Reprezantan La Jenès

Fason sa ap pèmet nou rezoud kriz politik la nan lapè ak Kè poze paske tout Kouch Politik e Sosyal ap ladan-n tout bon vre, la vi ap reprann e malere ak malerez yo pral rale yon souf fwa sa.

Akò Alyans sa ou Akò Politik Global sa mande se pou tout Inisyatè lot Akò Politik yo,  pou  yo  travay  ak tèt  repoze  men rapid ;   Menm  jan  nou  wè  Akò  Montana, Akò Alyans lan ou Akò Politik Global la ak Akò CESOC la, ap fè-l la a,  Se pou nou ka  deziyen  yon  reprezantan  ki  pou  ale  nan  Konsey  Gouvènmantal  la  ou  konsey Prezidansèl la ki pral Gouvène Peyi a 7 Fevrye 2022 kap vini la.

Akò  Alyans  lan  ou  Akò  Politik  Global  la  di  ke  l   tap  bon  anpil  pou  ta  deziyen reprezantan yo avan 31 Janvye kap vini la

Akò Alyans ou Akò Politik Global sa, pral pèmèt Gouvènman Tranzisyon an jwenn Kònsansis nesesè ak Konfyans Popilè   pou yo ka jete baz pou anpil gran chantye tankou :  Tabli  bon  jan  sekirite,  Konferans  Nasyonal,  Refè  Konstitisyon  Peyi  a, Realize   bon   jan   Eleksyon   nan   ane   2022   a   pou   retounen   Peyi   a   nan   vwa Konstitisyonèl li 7 Fevrye 2023, tabli bon jan eta de dwa ak anpil lòt ankò. Se pou tèt  sa  nou  tou  mete  nan   Dokiman  Akò  Politik  Global  la  ou  Akò  Alyans  lan  yon Kalandrye Aktivite pou Ekzekitif la realize depi 7 Fevrye 2022 jis rive nan 7 Fevrye

2023.

KNG sa pral pran kèk bon desizyon an favè Peyi-a ak an favè Pèp la,   pou echape

Nasyon an de tout danje, kòm soulèvman genaral, gè sivil e latrye.

Pou n reyalize kokènn chenn rèv sa, Komisyon Alyans lan ap kontinye chita ak chak  branch  Akò  yo  pou  n  planifye  avni  Peyi  nou  pandan  nap  monte  ansanm yon Komisyon Mix ki pral travay poun reyalize pasifikman tranzisyon an. Paske li lè  li  tan  pou  Pèp  la  jwenn  yon  soulajman.  Pa  gen  yon  moun  ki  pou  di  kel  pa tande kri Pèp Ayisyen an kap rele : LI BOUKE, LI PA KAPAB ANKò !

Komisyon Alyans lan bay tèt li tout yon kantite Aktivite travay tankou : kontinye rankontre lòt Aktè Pollitik yo ak lòt Akò yo, rankont ak medya yo e ak kèk Patikilye epi nap voye rezilta travay sa yo ak avansman yo pou La Près ak Popilasyon an nan sa nap rele  Bilten Près. Nan menm kad  travay sa, Akò Alyans lan ou  Akò Politik Global la ap gen pou l pwopoze ak Nasyon an e ak Ekzekitif la yon Plan Ekonomik e Finansye ki pou remete Nasyon Ayisyèn nan sou 2 pye l, Travay sa se Ekonomis nou Reveran Pastè Charles Yvon Castillon ak lòt Ekonomis yo kap potel pou nou.

Lè nap gade danje ki anfas Nasyon Ayisyèn nan, Lè nap gade koman Konstitisyon Peyi a trase pou Nasyon an fonksyone, li pa Konstitisyonèl pou Peyi ap dirije ak yon Ekzekitif ak yon sèl tèt.  Peyi a dwe genyen  yon Prezidan ak yon Premye Minis selon Atik 133  nan Konstitisyon Peyi a ki di Klè kou dlo kok « Pouvwa Ekzekitif la konpoze de :

1-  Prezidan Repiblik lan, ki se Chef Leta a

2-  Gouvènman an ki gen nan tèt li yon Premye Minis.

Konstitisyon an bay Prezidan an travay pal e li bay Premye Minis lan travay pal apa yon n pa dwe monte sou travay lòt.

Lèn gade zak Asasinay ki fèt sou Prezidan Jovenel MOISE nan lan nwit 6 – 7 Jiyè

2021 an e depi lè sa, Pèp la ap mande Jistis Pou Prezidan Jovenel MOISE e li dwe

jwen n jistis, Nasyon an ak Fanmi l yo ap tan n sa.

Vid  Prezidansyèl  sa  vi  n  agrave  sitiyasyon  Peyi  a  pi  plis  toujou ;  kote  tout Enstitisyon  Repiblikèn  yo  ki  tap  déjà  mal  mache  vi  n  nan  plis  difikilte  pou  yo fonksyone e repon n ak vokasyon yo ; sa vi n fè, tout fason ke Konstitisyon Peyi a te prevwa pou ranplase Prezidan Repiblik la pa ka aplike jodi a.

Ki donk, sèl vwa ke Peyi a genyen se asepte yon Akò Politik Global, pou Tout Aktè ladann pami tout Akò Politik ki genyen yo. Paske Ayiti se pou nou tout e se nou tout Pèp Ayisyen an ki gen Souverènte Nasyonal la nan men nou. Ki donk, se yon konsansis ki pou bay sa yo,  e konsansis  sa nou jwenn li andan Akò Alyans lan ou Akò Global la.

Se nan Kontèks sa, Jounen jodiya nou jwen anpil Akò Politik ke de Gwoup moun de bòn volonte ou de Pati Politik konsansye de bezwen Pèp Ayisyen an prepare pou pèmet Ayiti soti nan trou kotel tonbe a. Sepandan, Akò ki ka rive retire Ayiti nan sal ye la a, se yon Akö Enklizif, Global ak Tèt kole ki ka pèmèt nou genyen yon Konsey Nasyonal Gouvènman ou yon Konsey Prezidansyèl kap genyen yon Prezidan Provizwa ak Manm yo epi  yon Premye Minis.

Enfen, Konsey Nasyonal Gouvènman an ou Konsey Prezidansyèl la   ap gen yon Komisyon   Kontròl ki ap la pou Kontrole Fonksyonman Gouvènman an. Men ki Sektè kap nan Komisyon Kontrol la :

1)  Akò Politik Global sa ou Akò Alyans sa                                   (1) Manm

2)  Akò Montana  a                                                                          (1) Manm

3)  Akò 11 Septanm nan                                                                 (1) Manm

4)   Akò  PEN nan                                                                             (1) Manm

5)  Akò  Mache pou lavi                                                                  (1) Manm

6)  Akò  CESOC                                                                                  (1) Manm

7)  Akò Soley Leve                                                                            (1) Manm

8)  Akò Final ou Akò Vètyè                                                              (1) Manm

9)  Akò La Ri a                                                                                   (1) Manm

10)           Asosyasyon Medya yo                                                   (1) Manm

11)           La Jenès                                                                            (1) Manm

12)           Dyaspora Ayisyen an                                                      (1)  Manm

13)           Federasyon Bawo DAYTI  (FBH)                                    (1) Manm

14)           Oganizasyon Fanm yo                                                    (1) Manm

15)           Legliz Episkopal                                                               (1) Manm

16)           Legliz Katolik                                                                    (1) Manm

17)           Federasyon Pwotestant DAYITI                                    (1)  Manm

18)           Sektè Vodou Ayisyen an                                                (1)  Manm

19)           Sektè Dwa Zimen                                                            (1) Manm

20)           Sektè Peyizan                                                                   (1) Manm

21)           Sektè Popilè a                                                                   (1) Manm

22)           Sektè Sendikal yo                                                             (1) Manm

23)           Sektè Andikape yo                                                            (1) Manm

24)            Asosyasyon Ki Anrejistre nan MAST                             (1) Manm

25)           Chanm Komès ak Endistri                                                (1) Manm

Viv Ayiti pou toujou !

Pou Komisyon Alyans lan

Ekonomis Charles Yvon Castillon Pati PNDRH Prezidan

Kenz JEAN FRANÇOIS Pati AC

Vis Prezidan e Prezidan Komisyon Mobilizasyon

Evens Toussaint

Pati ROCH

Vis Prezidan Mobilizasyon e Prezidan Pwopagan n

Jeannot Guerlin Gwoup 51 Pati Politik yo Konseye Politik e Strateji Politik

Denor Atus

Platfòm Politik Koca

Konseye Politik e Strateji Politik

Agr Nono Pierre Paul Mouvement National Dessalinien Konseye Politik e Strateji Politik

Yvenson DESSOURCES Pati FDH

1er  Sekretè

Bonny Dieudonné

Pati PLEH

Protokol e Relasyonis

Jean JEAN BAPTISTE Fédération CROBRADS Manm

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.