25 septembre 2025
Woy! Reyalite vityèl antre nan lekòl Pòtoprens
Actualités Kreyòl Société Techno

Woy! Reyalite vityèl antre nan lekòl Pòtoprens

Lendi 20 desanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Nan kad yon toune Enstiti Franse an Ayiti te òganize nan lekòl, kèk elèv te jwenn chans pou yo plonje nan nannan reyalite vityèl la.

Pou òganizatè yo ak elèv ki te benefisye seyans sa yo, se te yon bèl eksperyans.

Ak yon imèsyon 360°, timoun lekòl yo te kapab dekouvri anpil kote ki pi bèl nan vil Pari san yo pa oblije deplase, pran avyon oubyen bato pou ale nan peyi Lafrans.

Reyalite vityèl se fason ou ka sèvi ak aparèy ki pèmèt fè tout sans ou panse li nan yon anviwonman tout bon vre, alòs ke anviwonman sa pa fizik ditou.

Teknoloji a mennen itilizatè a nan yon eksperyans anndan yon linivè vityèl, atifisyèl, atravè diferan sans yo: je pi souvan, men tou manyen, tande ak pran sant.

Pou sa ka fèt, itilizatè a sèvi ak yon kas espesyal nan tèt li. Kas sa afiche imaj yo an 3D (3 Dimansyon) estereyoskopik pou li ka mete moun nan nan mond atifisyèl ke yon machin kreye dijitalman.

Sonje byen ke vizyon estereyoskopik la se li ki pèmèt ou ka pran 2 imaj plat epi l fè w wè do mòn ladan l.

Grandèt yo ta ka di, koulye a yo fè timoun alèkile pran zanana pou sizan.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.