Kowòdinasyon Nò Matris Liberasyon di se paske peyi a pa dirije ki lakòz eksplozyon kamyon gaz nan vil Okap

0
1641

Samdi 18 desanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Kowòdinasyon Nò Matris Liberasyon, konstate ak anpil dezolasyon epi lapèn, gwo eksplozyon ki fèt nan vil Okap, nan zòn Lafosèt, nan lannwit 13 pou rive 14 desanm 2021 an. Kote eksplozyon sila vin ogmante pèn ak kalamite pèp la pi plis toujou.

Bilan katastwòf sa trè lou : Plis pase 70 moun tout laj, tout sèks pèdi lavi yo, san konte plizyè dizèn lèzòt kap pran swen sou kabann lopital. Plis pase yon dizèn kay pase anba dife rapye tè.

Lopital Jistinyen ki te deja malad nan tout zo kò l: pa gen twal gaz, pa gen kouran, elatriye… fanmi viktim pa konn ki sen pou yo rele pou yon ti mòso swen.

Gwo malè sa ki tonbe sou pèp Lafosèt la nan dat  13 pou louvri 14 desanm lan se yon prèv ki montre klè kon Klèwòz ke peyi a pap dirije depi plizyè lanne, kote ke mizè pèp la vin ap ogmante chak jou pi plis: Pèp la pa ka manje, pitit li pa ka ale lekòl mete sou  nannan pwoblèm nou ki se ensekirite a kap brase bil peyi a.

Matris Liberasyon  (ML/Nò) mande pou leta  prese prese:

1- Pran bon jan dispozisyon pou kapab bay bon jan swen ak tout moun ki kouche sou kabann lopital yo;

2- Pote yon akonpayman sikolojik bay tout moun ki sibi chòk sa. Sitou Sila yo ki tap asiste anba de nawè yon manman,yon papa,yon mari, yon madanm, yon frè, yon sè, yon pitit, kouzen, kouzin …, ki tap griye anba gwo flanm dife sa;

3- Bay yon akonpayman espesyal ak tout reskape yo tankou:  manje, dlo, vètman, abri pwovizwa annatandan e ke leta nan yon dat ki pa twò lwen, pran desizyon atravè EPPLS konstwi bon jan lojman pou tout fanmi viktim yo;

4- Pou Leta rann disponib pwodwi petwolye yo , pran bon jan dispozisyon pou entèdi epi fwape sou tout fòm moun kap fè pratik estoke ak vann gaz nan lari ou anba chal nan tout peyi a.

5- Yon lòt bò n ap mande pou popilasyon an rete vijilan, veye epi denonse tout moun kap fè depo gaz nan katye bò lakay yo.

Pou nou fini, kowòdinasyon Matris Liberasyon Nò (ML/ Nò) ap swete pèp ayisyen an kouraj, espesyalman fanmiy ki viktim akoz leta manfouben an ki pa vle pran responsabilite l.

Malgre tout kalite tray ak kalamite n ap pase nan dènye moman sa yo, Matris Liberasyon Nò ret kwè ke yon jou lap fè jou sou tout peyi a.

Matris Liberasyon Nò (ML/Nò)

Moun ki siyen: Étienne Chesnel, Kowòdonatè Matris Liberasyon Nò

Eder Flobert DEREAL, sekretè jeneral Matris/nò

Pou otantifikasyon : Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon

Matrisliberasyon033@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.