28 octobre 2026
Ariel Henry, André Michel ak Edmonde Beauzile sanble sèmante y ap foure nan kòsay pèp la tout sa Jovenel pat reyisi egzekite
Actualités Société

Ariel Henry, André Michel ak Edmonde Beauzile sanble sèmante y ap foure nan kòsay pèp la tout sa Jovenel pat reyisi egzekite

Samdi 11 septanm 2021 ((rezonodwes.com))– PHTK 3 a pa sanble monte teren pouvwa a pou vin ranse.

Kowalisyon sa ki gen landan l fidèl Matelis yo ki mele ak kèk jovnelis modere epi kèk gwo towo nan opozisyon kont Jovenel Moïse yo, tankou André Michel (SDP), Edmonde Supplice Beauzile (Fusion), Paul Denis (Inifòs), Genard Joseph (Verite), Sorel Jacinthe (Inite) elatriye, kòmanse montre grif yo.

Depi nan moman Core Group la te fè twit pou chouke li nan tèt peyi a, premye minis de fakto a, Ariel Henry, te avèti tout moun ke misyon li se egzekite testaman mesye Apredye te mouri kite pou li. Se kontinye ak menm politik Jovenel Moïse yo malgre pi fò Ayisyen te rele anmwe pou yo deja.

Ansyen prezidan ke yon kòmando te sasinen 7 jiyè pase a, te vrèman frape tèt li nan miray chak fwa li te vle fè popilasyon an vale desizyon ki te pran sou dikte kominote entènasyonal la.

Opozisyon an tankou anpil aktè nan sosyete sivil la te kanpe dan di nan revandikasyon yo.

Men koulye a, olye ansyen opozan yo rele otan, se ochan yo bay tout desizyon yo te goumen kont yo pandan manda ansyen  »Nèg Bannann nan ».

Se konsa Ariel Henry, sou aplodisman FMI ak Bank Mondyal, rive monte disèt wotè pri kerozèn – gaz blan – ak dizèl, pandan li mete 35 pou san anplis sou gazolin alòske ak yon ogmantasyon ki te pi piti pase sa, peyi a te pran dife 6 ak 7 jiyè 2018 sou rèy Jovenel Moïse (PHTK2).

Pou fè bagay la pi bèl, se minis SDP a menm, ansyen senatè Pitit Dessalines nan, Ricard Pierre, ki vin defann nouvo pri a devan popilasyon an, yon djòb je chèch figi di ki rezève pou minis finans la. Minis de fakto Planifikasyon an, bliye si se yon gouvènman pou ti bout tan li ye, li pwomèt li kowalisyon an pral fè lekòl ak lopital ak kòb la. Eske minis la ka montre 10 lise Tet Kale 2 te dwe fè ak kòb palman ki pa fonksyone a? Men kot kòb Petwo karibe-a pou konstwui Lopital Jeneral la ?

Men, Ariel Henry ak ansyen opozan yo pa vle rete la. Yo deja fè konnen yo pral òganize fandòm nan (referandòm) pou chanje konstitisyon peyi a e mete sa Jovenel Moïse te prezante a.

Sa ki pral pèmèt etranje gen plis alantran e kapab itilize resous peyi a san limit.

Anplis, yònn nan objektif gouvènman PHTK 3 se refè sa jovnelis ak fo nasyonalis Claude Joseph rele twazyèm trajedi elektoral la, eleksyon pikekole pou renouvle sistèm peze souse ki pèmèt yon gwoup oligak ak bani legal kontinye fè dapiyanp sou sa peyi a posede. Tankou egzanp ke fanmi Apaid-Déjoie trase yon jou apre dat Apredye te dwe renmèt pouvwa a, nan kad konstitisyon an.

E pou sa, kat Dermalòg la byen pare, pa touche’l, pa manyen’l. E, ansyen opozan yo kanpe rèd dèyè sa, yo fè figi yo byen di pou manje gato pwazon sa a

Amwenske… Amwenske…

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.