Nòdwès : FOSNOU reklame mezi sekirite sosyal ak refòm fiskal pou enstore jistis sosyal

0
1324

Nòt pou Laprès…

Pòdpè, 8 desam 2021 ((rezonodwes.com))–

FOSNOU desann chapo l byen ba devan tout militan konsekan ki pa antann trayi lit pèp la: bonjan edikasyon demokratize; yon sistèm sanitè baze sou teknoloji ak evolisyon sosyal; mezi sekirite sosyal ak refòm fiskal nan lide pou n enstore jistis sosyal nan peyi a; gwo refòm nan administrasyon piblik la pou n rive gouvène peyi a nan tout 27 750 km kare a nan yon bat je.

Sepandan FOSNOU konstate deteryorasyon malouk klima politik la depi asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse kote tout aktè yo ap rale kòd la nan bò pa yo, sa ki kreye polarizasyon nan pawa politik la ki lakòz chodyè a pa bouyi nan tout bò l epi kòz pèp la ap trennen nan labou.

FOSNOU konstate PM Ariel se sèl kòk chante nan peyi a. Li alafwa premye minis ak prezidan ki lakòz l ap jwe wòl laprezidans ak primati ilegalman, men fòk nou rekonèt dènye evènman politik ak asasina ansyen Moyiz.

FOSNOU konstate mètdam, politisyen magouyè, mantè, opòtinis kap chache fwape lestomak daprezavwa yo te siyen akò onz (11) sektam nan ak Ariel Henry sa ki ta lese konprann yo se mèt konjonkti a osnon pouvwa sa a. Sa ki pi tris la se mastibasyon ak matrakaj politik y ap eseye fè pou montre bòn fwa yo nan moman yo te siyen ak PM Ariel. Men tout moun ka kwè se batay pòs kap regle, ou pa ka kache dèyè wap voye wòch; echèk Ariel se echèk tout siyatè akò onz (11) sektam nan, reyisit li se reyisit pa yo.

Pandan nou fin pase nan peny ti dan konjonkti a, men pozisyon FOSNOU: « Peyi a rantre nan yon kalte prezidansyalizasyon pouvwa politik la ak PM Ariel ke pèsòn pa ka di anyen. Pa gen legalite ankò; nou fèt pou n al chache lejitimite nan mete tout enterè sou kote tout moun ak sosyalizasyon Leta a.

« Pou nou rive la, men sa FOSNOU pwopoze sou de (2) tablo: konjonktirèl ak estriktirèl:

Nan tablo konjonktirèl: administrasyon leta gangsterize:

1-Nou mande gwo pase men nan enstitisyon piblik administrativ yo: koudèkont, ulcc, ukref elt…

2-Chanjman nan tout pakè nan tout jiridiksyon jidisyè peyi a.

3-Odit nan administrasyon piblik la ak revokason tout direktè jeneral ki enplike nan zak malonèt.

4-Bidjetize tout òganis otonòm yo pou n ka jwenn lajan pou finanse devlopman kolektivite tèritoryal notaman seksyon kominal yo.

5-Goumen pou jwenn ak tout fòs viv peyi a pou ale nan konferans nasyonal la nan lide pou n panse nouvèl Ayiti a.

6-Renegosye akò gaz la epi kanpe sou sibvansyon gaz la paske pèp la pa j wenn anyen.

7-Kontinye e evalye tout travay ki te kòmanse sou prezidan Jovenel yo.

Tablo estriktirèl:

1-Refòm sistèm elektoral ak dispozisyon san paspouki

2-Rediksyon ministeryèl konsiderableman3-priyorize lagrikilti

4-Ayisyanize sektè edikatif la

5-Moralize depans ak resèt Leta atravè bon lwa

6-Sosyalize reprezantasyon jiridik Leta a ak nouvèl nòm: DGI

Pou fini, FOSNOU mande popilasyon an rete trè vijilan.

Viv Nòdwès! Viv peyi a!

Paul Elie Faustin

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.