28 octobre 2026
Sandra Jacques Suzette Michel Saint-Georges enstale kòm nouvo sekretè leta pou alfabetizasyon
Actualités Société

Sandra Jacques Suzette Michel Saint-Georges enstale kòm nouvo sekretè leta pou alfabetizasyon

Minis edikasyon de fakto a an enstale, madi 7 desanm 2021 an, nouvo sekretè leta pou alfabetizasyon an, Sandra Jacques Suzette Michel Saint-Georges

Mèkredi 8 desanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Se nan jounen madi 7 desanm 2021 an, nan lokal Enspeksyon jeneral edikasyon an, minis Edikasyon nasyonal ak fomasyon pwofesyonèl la, Nesmy MANIGAT, enstale nouvo sekretè Deta alfabetizasyon an, Sandra Jacques Suzette Michel SAINT-GEORGES.

Seremoni an te dewoule nan lokal Enspeksyon jeneral edikasyon an nan Musseau an prezans plizyè anplwaye Biwo sekretè deta a.

Minis MANIGAT ensiste anpil sou enpòtans alfabetizasyon bò kote fòmasyon pwofesyonèl. Yon gran moun ki alfabetize e ki gen metye nan men l ka pote anpil bourad nan jefò k ap fèt pou chanje figi sitèm edikatif la e nan devlopman peyi a, dapre minis lan.

Li te pwofite salye Madan MICHEL SAINT-GEORGES Ki jèn men ki gen anpil eksperyans e fòmasyon nan kesyon alfabetizasyon.Li envite l mete men nan gwo travay ki pral fèt pou pèmèt tout aktè enplike nan kesyon edikasyon an.

Bò kote pa l, madan MICHEL SAINT-GEORGES pwomèt bon jan kolaborasyon a minis lan pandan Li remesye Premye Minis lan ki chwazi l pou pòs sila a.

Li mande kolaborasyon tout anplwaye biwo sekretè Deta alfabetizasyon an ak Minis lan. Li di li konte sou kolaborasyon tout aktè yo pou ranfòse pwogram alfabetizasyon nan peyi a nan ajoute lide sou dwa moun, anviwonman, lasante, sitwayènte, lijyèn ak ekonomi.

Nan finisman seremoni an, direktè ekzekitif biwo alfabetizasyon an remèt yon gwo bouke flè nan non anplwaye yo ki salye arive nouvo sekretè alfabetizasyon an.

Biwo Kominikasyon/MENFP

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.