25 septembre 2025
Kenneth Merten di li pa vini pou foure bouch tout longè nan zafè ayisyen
Actualités Kreyòl Société

Kenneth Merten di li pa vini pou foure bouch tout longè nan zafè ayisyen

Dimanch 7 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Kenneth Merten ki se reprezantan meriken pou yon ti bout tan nan Pòtoprens vle pran anpil prekosyon pou yo pa ba li chay pote.

Kenneth Merten oblije mete kò li an rèleng a koz pil ak pakèt kritik ki toujou tonbe kon gwo grenn lapli oubyen lagrèl sou do li pou bakòp li konn bay Martelly ak rejim Tet Kale yo.

Diplomat la di jounalis yo li pa vini pou foure bouch tout longè nan zafè ayisyen. Li fè konprann ke gouvènman li an vle ke se natifnatal peyi a ki chache solisyon pa yo pou rezoud pwoblèm ayiti.

Nan moman sa, Merten ki te deja pase anpil tan an pòs nan Pòtoprens, pè kon koukout pou yo pa akize li kòm yon moun ki vin dikte ayisyen sa pou yo fè. Men li pwomèt l ap pote bourad pa li

Diplomat la di tou Etazini p ap voye sòlda pou eskòte kamyon gaz yo tankou pòtpawòl Mezonblanch la te pwomèt. Men yo pare pou pote kole ak Polis Nasyonal la pou ede yo konbat gang yo.

Dapre Merten se lidè ayisyen yo ki pou pran responsabilite yo an men.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.