29 octobre 2026
AURHA : lang kreyòl se youn nan pi gwo zouti pou dekolinizasyon ke pèp Ayisyen genyen
Actualités Société

AURHA : lang kreyòl se youn nan pi gwo zouti pou dekolinizasyon ke pèp Ayisyen genyen

Senmak, vandredi 28 oktòb 2021 ((rezonodwes.com))– AURHA (Association des étudiants pour la rénovation d’Haïti) salye kouraj pèp Ayisyen an jeneral e kominote inivèsitè a an patikilye.

Jodia se avèk anpil lapèn ak dezolasyon n ap selebre jounen entènasyonal lang kreyòl, ki se youn nan pi gwo zouti pou dekolinizasyon ke pèp Ayisyen te genyen e kontinye genyen pou  kontinye batay byennèt la toutbonvre.

Men entelektyèl soufnantchou, sankoutcha e apatrid fè tout sa yo konnen pou detwi memwa nou kòm pèp nan enterè peyi enperyalis rasis yo,  paske se la yo souche.

Nan menm okazyon sa a, *Association des étudiants pour la rénovation d’Haïti (AURHA),  wete chapo l byen ba devan kouraj ak detèminasyon chak grenn etidyan inivèsite piblik Balatibonit nan Senmak (UPBAS),  ki yon gwo jou konsa ane dènyè te leve inivèsite a ki te nan yon espas prive kote leta Ayisyen t ap peye 10 milyon goud chak ane pou lwayaj lokal pandan pwofesè patka touche, anplwaye se tout jounen yo te konn ak fè grèv e politik la menm se te santral li. Epoutan leta Ayisyen te gen yon espas vid Kolmini kote se kabrit ak kochon ki t ap layite kò yo ladanl.

28 oktòb 2020 – 28 oktòb 2021: deja 1 lane endepandans. Kote chak etidyan te yon ero menm jan sa te pase nan batay pou te libere Peyi a anba men blan Fransè yo. Jou sa a, nou te deside pran desten n an men epi  voye yon sinyal bay tout Ayisyen pou di yo le jou ke n deside fè revolisyon an pèsòn p ap ka kanpe anfas nou.

Jounen jodia, nou menm etidyan pwogresis sa yo, se yon dewa moral ke nou genyen pou konbat tout sanginè ki vle kraze inivèsite a e pèmèt pitit sòyèt yo  toujours jwenn inivèsite a pou etidye. An menm tan  n ap batay  kont koripsyon sou tout fòm nan inivèsitè a pou pèmèt UPBAS pran chimen l pou devni youn nan pi gwo fwaye transmisyon savwa nan amerik latin lan.

Association des universitaires pour la rénovation d’Haïti (AURHA) ap fini pou di ak tout etidyan ki pako vin jwenn nou nan batay akademik sa a, de bra nou rete louvri ap tann nou paske nou dwe travay pou kite yon bon bagay pou jenerasyon ki dèyè yo, sinon n ap pase nil. Ann imite zansèt nou yo pou delivre Peyi anba men apatrid sa yo.

Kreyòl se kilti n, kreyòl se idantite n, kreyòl se revolisyon ann rasanble, ann klewonnen kreyòl nan lasyans ak nan lavi nou.

Pou otansifikasyon:

Dorcélus Jeanvens- Joseph Yranio- Pierre Wibe- D’ORT Claude Akim- Elan Kerlens- Orius Henri- Derac Dieulande- Olius Roudelène- Fanfan Laphson – Édouard Edwin

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.