Ariel Henry rankontre Biwo Swivi Akò Montana a

0
2100

Nòt pou laprès

Madi 26 oktòb  2021 an, yon  delegasyon  Biwo  Suivi  Akò 30 Dawout  2021 (BSA)  reponn envitasyon Doktè Ariel Henry te fè l lan yon lèt ki pote dat 25 oktòb 2021.

Konvèsasyon  an  te  dewoule  plis  sou  kondisyon  lavi  Pèp  Ayisyen  lan  moman  kriz  politik  la  pran  yon  koub ensekirite jeneralize sitou lan depatman Lwès la men tou kote tout rès peyi a lòk, kit se gaz ki pa ka distribiye, kit se bandi ak gwo zam ki pran kontwòl zòn estratejik  yo. Kote tout enstitisyon ki gen responsablite sekirite Leta parèt an difikilte pou konbat ensekirite sa a.

Patisipan nan rankont aprèmidi 26 oktòb 2021 rekonèt pou debloke konjonkti politik la, pèmèt aktivite ekonomik yo reprann nòmalman, pou timoun rekòmanse al lekòl, pou popilasyon an kontinye mennen batay pou amelyore kondisyon lavi l, gen ijans yon bon plan pou kwape ensekirite politik sa. Delegasyon yo rekonèt pou rive jwenn solisyon  sa  a,  fòk  dirijan  yo  jwenn  konfyans  popilasyon  an.  Dr  Henry  ensiste  sou  priyorite  li  ki  se  òganize eleksyon trè vit, regle kesyon konstitisyon an pou enstitisyon yo rekanpe.

Delegasyon  BSA a fè konprann,  nan kriz Leta sa a,  li fondamantal pou pouvwa politik  tranzisyon jwenn  yon lejitimite sosyete a dwe ba li nan yon demach konsansis laj lan mitan fòs òganize pèp nasyon an. Konsa lap kontinye  mete  anplas  Konsey  Nasyonal  Tranzisyon,  Ogàn  Kontwòl  Tranzisyon  pou  rive  monte  Gouvènman Tranzisyon ripti a.

Delege BSA yo, fè konprann se de (2) pwojè diferan lan kijan yon tranzisyon ta dwe fasilite yon retou anba lòd konstitisyon 87 ak legalite enstitisyon politik yo.

Doktè Ariel Henry pat prezante okenn pwopozisyon konkrè pou yon dyalòg politik konsekan ant 2 vizyon yo lan demach estratejik  yo sou tranzisyon an. Nou dakò pou kontinye  chita pale men delegasyon  BSA, mande  Dr Ariel Henry pou l fè yon pwopozisyon konkrè.  Doktè Henry engaje l pou fè sa rapidman.

Volonte  pou  anpeche  popilasyon  toufe  anba  vyolans  ensekirite  lap  sibi  a  eksprime  klèman  pa  tou  de  (2) delegasyon  yo.  Men  kisa  reskonsab  Leta  ki  la  yo  pral  fè  pou  popilasyon  an  pran  yon  souf  pa  rive  soti  nan dyalòg politik sa a.

Biwo Swivi Akò 30 dawout ap mennen dyalòg politik menm jan li fè l deja e kontinye fè l avèk reprezantan PEN ak alye, MTV ak plizyè lòt aktè.

Koòdinasyon Biwo Swivi a

Pou otantifikasyon

Marie-Christine Stephenson
Magali Comeau Denis

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.