KADOA di gouvènman ameriken manke solidarite ak konpasyon anvè pèp ayisyen

0
1551

Pozisyon KADOA sou depotasyon ayisyen yo

Suit ak desisyon gouvènman peyi etazini pou voye tounen nan peyi dayiti plisyè milye ayisyen ki tap chache antre sou teritwa ameriken, Pòt pawòl KADOA Abel Descollines di desisyon gouvènman ameriken an boulvèsé yo nan nivo KADOA.

Pandan KADOA rekonèt desisyon gouvènman  ameriken an se yon ak souverèneté.

KADOA kwè desisyon pou voye tout ayisyen sa yo tounen montré ke gouvènman ameriken manke solidarite ak konpasyon anvè pèp ayisyen an.

Pot pawòl KADOA konpare sitiyasyon peyi dayiti menm jan ak sitiyasyon ki te nan peyi Venezuela pandan 3 dènye ané ki te sòt passé yo.

KADOA raple pwoblèm politik ak kriz imanitè te lakòz plisyè santèn venezyelyen te kouri kite peyi Venezuela pou ale nan peyi Bresil, Chili, Colombie ak etazini.

Pòt pawòl KADOA konstate peyi etazini avèk tout lòt peyi yo te pran dispozisyon pou akeyi tout venezyelyen ki te rivé kite peyia.

KADOA di li fè menm konsta pou moun ki  kouri kite peyi la Syrie ak peyi Afghanistan .

Pòt pawòl KADOA Abel Descollines mande pou ki rezon gouvènman peyi etazini pa anvizaje bay menm tretman sila a avèk ayisyen kap kouri kite ayiti akòz kriz imatè epi katastwòf natirèl ak politik ?

Pòt pawòl KADOA pwopoze ak gouvènman peyi etazini pou pale ak lòt peyi tankou Kanada ou sinon peyi Mexique pou wè kòman chak peyi kapab resevwa yon kantite nan ayisyen sa yo ki te deja kite peyi dayiti.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.