Doktè Dunois Cantave :  »Akò 30 dawout Montana a respekte revandikasyon popilasyon an »

0
1802

Akò 30 dawout Montana a respekte revandikasyon popilasyon an. Se lesansyèl, se sa ki fondamental.

Mannyè gouvènman transisyon an pral monte ak opere genyen yon enpòtans segondè menmsi li pa ka fèt nenpòt kijan. Se yon chanjman pwofon « trankil » nan kad yon fèydewout ki kòmanse sou siveyans popilè…

Gouvènman « salut public » la ka kolejyal konsatou li ka gen menm kalite estrikti abityèl yo si nou konsidere sosyoloji politik peyi a ak sa ki nan konstitisyon 1987 la. Se limenm ak akò Montanaa ki pral sèvi gid legal ak konsansyèl gouvènman tranzisyon an. Sa pa dwe anpeche ripti ak tout move pratik yo fèt…

Mw konprann byen enkyetid sèten regwoupman, pati ak òganizasyon ki ta prefere yon estrikti ekzekitif san yon gwo tèt « macrocephalie » yo rele prezidan oubyen premye minis. Sa ta ka reprezante chanjman ki nan akò a pibyen toujou. Sepandan nou kwè se pa yon sèl fason lidèchip kolektif kapab eksprime…

Nou panse pwogresis ayisyen yo dwe batay pou kontinye oryante aksyon politik global yo ak aksyon gouvènman tranzisyon an kelkeswa fòm li ka pran anNou dwe veye a kredibilite, entegrite ak konpetans moun kap nan gouvènman tranzisyon silaa pou ekzekite fèydewout la jan li defini nan akò 30 dawout Montanaa.

Nou dwe veye pou moun ki nan òganis kontwòl la (OKT) ranpli menm kritè yo.Patnè ki siyen akò Montana yo dwe ranmasel akonpayel pou l reyisi mennen nou nan tranzisyon k ap ede nou retounen nan lòd konstitisyonèl avèk reyalizasyon konferans nasyonal souvren an ak bonjan eleksyon demokratik nan yon klima lapè ak bonjan sekirite…

Anyen pa fije (estatik) tout bagay dinamik. Nou nan yon lit liberasyon nasyonal. Advèsè yo pa piti. Yo pap fè nou okenn kado. Laviktwa se pou pèp kap lite !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.