Ansyen Depite manm KADOA yo demanti moun k ap di yo gen reprezantan nan kabinè Ariel Henry a

0
2779

Nòt pou laprès

Vandredi 3 septanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Kolektif Ansyen Depite Opozison ak Alye l yo (KADOA) salye pèp ayisyen an epi li pwofite renouvle senpatil bay moun nan gran sid yo ki kontinye ap soufri koz absans leta a aprè katastrof 14 Dawou 2021 an.

Depi kèk tan KADOA konstate yon kanpay dezenfòmasyon ki vle fè kwè ke Kolektif la fè pati gouvènman defacto Premye Minis Aryel Henry a. Nan sans sa, komite egzekitif KADOA ap enfòme laprès ak popilasyon ayisyèn nan pou fèl konnen KADOA pa fè pati gouvènman Doktè Ariel Henry ki la a. Kidonk, li pa genyen okenn reprezantan nan kabinè patikilye chef gouvènman an.

Depi kreyasyon KADOA an 2020, kolektif la te toujou ap preche dialòg ak chita pale nan respè youn pou lòt nan kad pou chache solisyon ak kriz peyi a ap traverse anba rejim bout di PHTK a. Nan sans sa, komite egzekitif la te rankontre ak Premye Minis defakto Doktè Arièl Henry nan dat 29 Dawou 2021.

Nan okazyon rankont sa, KADOA te adrese kesyon dosye prizonye politik yo, li te pwofite gade ak Premye minis la aplikasyon pwotokòl dantant Nasyonal la (dokiman ki te siyen nan dat 09 Jiyè 2021) ki prevwa yon egzekitif a 2 tèt.

Nan fen rankont la, reprezantan KADOA yo te ankouraje Premye minis Ariel pou l kontinye chita pale ak divès fòs viv nan sosyete a (sosyete sivil ak klas politik la) yon fason pou Peyi a ka benefisye yon Akò politik ak yon gouvènman konsansis enklizif ki kapab reponn ak nesesite aktyèl popilasyon Ayisyèn nan.

KADOA pa voye jete lide pou ta fè pati yon gouvènman ki ap pèmèt lavi reprann nan tout peyi a e kote moun ka dwe mache lib e libè e yon ghouvènman ki ap bay peyi a yon lòt direksyon. Sepandan sa dwe fèt apati yon akò politik ki pran an konsiderasyon revandikasyon pèp Ayisyen an.

Komite egzekitif la renouvle angajman ak detèminasyon KADOA pou kontinye akonpaye pèp ayisyen an sou chimen devlopman.

Pou otantifikasyon:

Ansyen Depite Vikerson GARNIER                        Kòdonatè

Ansyen Depite Joseph Manès LOUIS                       Vis Kòdonatè

Ansyen Depite Abel DESCOLLINES                     Pòt Pawòl

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.