« Nou di koudeta sa a pap pase, masuife sa a dwe kaba pou pèp Ayisyen an ».
Nòt pou la Près
New York, samedi 24 juillet 2021 ((rezonodwes.com))–
Nou menm nan Dyaspora a ki siyen deklarasyon sa a, nou konstate kriz politik kap brase bil peyi a vini pi malouk aprè zak sasinay sou ansyen Prezidan defakto Jovenel Moise lakay li 7 Jiyè pase a. Nou kondane ak tout fòs nou zak malonèt sa a ki montre nou kijan rejim kriminèl PHTK a fin kangrennen peyi a nèt. Menm ansyen Prezidan an pa chape anba gangrennaj sa a. Jovenel Moise ki pandan 5 dènye lane pase yo te eseye kenbe peyi a nan yon eta deksepsyon, vyolans jeneral ak kidnaping, anlèvman, pèsekisyon opozan politik trouve l jodi a viktim menm vyolans sa a. Men diferans la fwa sa a se pa pèp la ki viktim lan men se li menm menm kriminèl PHTK yo manje.
Nou menm nan diaspora a ki siyen nöt sa a nap denonse gouvènman PHTK a ak tout alye li yo ki ap bay manti sou lanmò sa a nan kase fèy kouvri sa yon fason pou lave epi blanchi Kadav Jovenel Moise. Nap denonse tout tantativ koudeta dappiyanp sou pouvwa a PHTK ak alye li yo vle fè sou pouvwa a.
Nou di koudeta sa a pap pase, masuife sa a dwe kaba pou pèp Ayisyen an. Pou sa Nou menm nan Diaspora a nap mande yon gwo rasanbleman tout fòs progresis, demokratik e popilè nan peyi a pou yon Gouvènman Tranzisyon koupe fache. Yon Tranzisyon ki finalman ap pèmèt revandikasyon jistis, respè dwa moun, la manjay, diyite ak indepandans peyi a tounen reyalite.
Nou men nan diaspora a nap denonse Reprezantan Nasyon Zini an Madan Lalime ki sèmante pou l kraze peyi a nan manniganse pou kenbe rejim PHTK a sou pouvwa a. Diaspora Ayisyen an ap rele anmwe: Madan Lalime ak Core Group la bay peyi Dayiti yon chans! Bay Pèp Ayisyen an chans pou chache solisyon Ayisyen pou problèm Ayiti.
Pandan nap mande Pèp Ayisyen an andedan tankou deyò peyi a pou rete vijilan kont tout animal politik tout plim tout plimay kap vole, politisyen san koutcha, nap rete mobilize pou pa gen oken gouvènman degize PHTK #3 ki monte nan tèt peyi a. Anfin pandan nou regrèt kòd lajistis pa gentan pase nan kou Jovenel Moise pou tout vòl, masak ak krim li fè yo, Diaspora ap mande Lajistis fè dilijans pou mete la pat sou tout kriminèl ki inplike nan zak sa a.
Moun ki siyen Deklarasyon sa a
New York
Roland Sainristil (Tel: 917-815-2228)
Deputé James Desrosin
Fred Joseph (Tel: 718-576-8861)
Edens Deba (Tout Haiti Tel: 347-546-1468)
Rev. Guy Dorvil
Jacqueline François
Midlyne François
Senet Achille
Felix Bien-Aimé
Yves Pierre
Leon Ronald
Ledinois Leconte
Lionel labardy
Pennsylvania
Fabienne Réné ( DIRPOD Tel: 407-541-7912)
Serge Blaise
André Lozier
Joèl Léon
Florida
Farah Juste (Fanmi Lavalas)
Maxi François (SOHD Tel: 516-967-1559)
Jean Robert Pierre Louis
Théobale Pierre-Paul (Tel: 786-290-7187)
Senateur Harry
Guerda L.Charles
Abel Moise
Thony Jean Thénor (Organization Veye Yo)
Theodore Lucien
Jackson Auguste
Jean Rica Charles
Lydie Fatal
New Jersey
Rev. Claudy Jean Jacques
Heraldo Erasme
Massachusetts
Deputé Géraut Charles
Tina Lorquet (Vwa Ayiti)
Georgia
Dr Dimy Fluyau
Roody Metellus
Connecticut
Dr Billy Berthier (Fanmi Lavalas)
Felix Bien-Aimé
Canada
Beliot Fleuristin
Jean Livette Praslin (SOHD)
Dr Bruno Derson
France
Paul Chétel (SOHD)
Fenor Rigodon
Serge Obed Alexis
Wilson Chery