Kowalisyon òganizasyon nan Dyaspora voye yon piga bay PHTK ak alye li yo ki mande okipasyon peyi a

0
2554

Nòt pou laprès

Nou menm Kowalisyon tout òganizasyon ki nan Dyaspora  (COODAH),N’ap voye yon gwo kout Ayibobo pou matirite politik « Pép Ayisyen » an , nan yon konjonkti politik ki pa gen nón ke peyi nou Ayiti ap travése depi aprè zak sasinay sou ansyen prezidan defakto Jovenel MOÏSE nan dát 7 jiyè 2021 .

Nap denonse mannèv tikoulout ke PHTK ak alye li yo ap planifye nan konplisite kèk moun nan kominote enténasyonal tankou Madan Hélène Lalime ak tout Core Group la  pou fè dap piyanp sou pouvwa a . Kowalisyon tout òganisasyon ki nan dyaspora mande pèp la pou  rete vijilan e kontinye mobilize pou véyé tout dasomann kap éseyé rantre pa pòt dèyè .Fwa sa fòk rat kay la sispann manje pay kay la .

Dyaspora Ayisyen Itilize vwa COODAH pou  voyé yon piga bay PHTK ak alyé li yo kap mande okipasyon peyi a , se yon fason  pou PHTK kontinye kenbe pouvwa a ak konplisite yon pati moun nan kominote enténasyonal la .

Nou sezi wè ansyen premye minis  Laurent Lamothe finn dechennen sou tout gwo medya enténasyonal ap mande gouvénman meriken pou voye yon fòs okipasyon an Ayiti . Se yon gwo trayizon . N’ap di ansyen minis defakto Claude Joseph bay peyi ya yon chans paske li pran pouvwa an otaj  pa gen pyés pwovizyon legal ni konstitisyonél  ki otorizél rete sou pouvwa a .

Diaspora a  profite denonse moun sa yo ki panse yo kapab chape anba kòd lajistis pou tout vòl, masak ak krim yo fè nan peyi a dépi 10 dènye lane yo.

Nan sans sa , nou menm COODAH Nann non tout lòt òganisasyon yo ,nou mande pou tout fòs politik

demokratik, sosyete sivil, moral ak òganizasyon dwa moun ki pa gen men yo tranpe nan okénn zak  malonèt anndan tankou deyò peyi a, chita ansanm nan lide pou jwenn yon “Solisyon Ayisyen” ak kriz malouk sa . Nou,  menm nan Dyaspora a, n’ap kontinye sipòte tout solisyon ki vize yon gouvénman konsansis ak moun onét , kredib , serye !

Salitasyon patriyotik

Mési

Moun ki siyen :

Gotchen Bernard

Fred Joseph

Andre Pierre J Raymond

Bernadette Dormevil

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.