Audio – Kongrèsman Meeks di Prezidan Biden konsènan Haiti : »Jovenel Moise pèdi tout kredibilite’l pou li dirije peyi-a e li paka fè eleksyon »

0
2325

Déclaration de Gregory Meeks sur Haïti lors de sa présentation, mardi matin, à la « Conférence sur les Amériques ».

((rezonodwes.com)) US Congressman Gregory Meeks’ statement on Haiti during his presentation Tuesday morning at the « Conference on the Americas ».

Tradiksyon Deklarasyon
Congressman Gregory Meeks
Nan Rankont Komite Afè Etranjè a 4 Me 2021

Chairman mwen panse mwen dwe fè yon kòmantè sou Haiti ?? e nou dwe fè Ayiti tòp priyorite tou pou komite sa. Malerezman nou tout konnen sitiyasyon Ayiti kontinye ap deteryore pandan ke mesye Moïse deside pou li gouvènen pa dekrè, la verite sè ke Prezidan Jovenel Moise pèdi tout kredibilite’l pou li dirije peyi a, e li pa genyen oken lejitimite pou òganize yon referandòm konstitisyonèl ni eleksyon palmantè. pèp ayisyen an ap kontinye konfwonte ak Ka kidnaping kap ogmante, vyolans Gang e Vyolayon Dwa moun.

Map kontinye mande Administrasyon Biden pou li rekonsidere politik li fas a Ayiti e pou li pa pè pwononse’l e rann gouvenman Moise la responsab de zak yo.

De Washington mwen sezi opòtinite a pou mwen pale o nom de nou e denonse tretman bat do rejim totalitarye an, e kanpe an Solidarite ak pèp Ayisyen e ak ayisyen/ Ameriken nan Diaspora ki egzije yon Gouvvènman Tranzisyon ki pou mete yo sou vwa Demokratik ke yap mande a.

Pou nou fini mwen vle fè nou tout konnen ke mwen trè angaje nan pwomès pou pwosperite, inovasyon ak devlopman fiab. Mwen konnen nou tout ansanm ka fè sa, nou ki fòme Konsil Dèzamerik la. Sepandan objektif sa yo pap ka reyalize si nou pa rekonèt sa ki afekte vwazen an afekte nou tout. Mwen swe anpil pou travay nou te fè plis depi plis pase 20 lane nou te okipe ofis sa Susan, Eric ak lòt.

Mwen ap asire nou rete ansanm, map garanti nou, (HPAC) ak enterè ke nou genyen nan Wes Emisfè a dwe o premye ran kòm priyorite nan agenda travay nou. Nap makònen fòs nou ansanm pou rive rann relasyon nou pi pwometan, pi solid ke jamè ak vwazen nou nan Amerik di Sid, Amerik Santral e nan Karayib la. Pi fò ke jan li te janmen ye nan Emisfè a.

Mèsi !!

Congressman Gregory Meeks
Washington DC, 4 Me 2021

Tradiksyon Kredi HDU/HUH/ AyitiKapab??HaitiCan

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.