Jenès Ouvriyè Kretyèn Ayiti (JOK Ayiti) mande tout travayè met tèt ansanm pou revandike dwa yo

0
1260

Mesaj Jenès Ouvriyè Kretyèn Ayiti (JOK Ayiti) nan okazyon 1e me 2021

Samdi premye me 2021 ((rezonodwes.com))–

1e me se yon dat ki enpòtan anpil pou tout travayè, se yon jounen pou tout ouvriye, travayè met tèt ansanm pou revandike dwa yo. Nou selebre jounen sa nan lide poun toujou sonje tout batay ouvriye, ouvriyè yo te mennen pou yo te kapab amelyore kondisyon travay yo, pou yo gen dwa konje peye, retrèt, e 8 è tan travay.

1e me se yon jounen entènasyonal pou tout travayè, li fete nan anpil peyi. Konsa tou anpil peyi nan Amerik di nò a fete jounen sa nan dat premye lendi mwa septanb, gen lòt an Ewòp tankou Irlande, Royaume-Uni ki fete l premye lendi mwa me.

Jounen entènasyonal sa a se yon jounen tèt ansanm poun poze pwoblèm travay ki gen awè avèk chomaj, travay ki pa kanpe sou anyen, e move kondisyon travay. Se yon moman poun angaje nou davantaj poun jwenn jistis sosyal kont sistèm peze souse sa ki pa pèmèt jenès ayisyèn nan viv tankou moun.

Jounen jodya an Ayiti, nap viv yon reyalite travay kote dwa ouvriye, ouvriyè pa respekte, yo travay pliske 8 è tan, salè minimòm pa respekte, pa gen pwoteksyon sosyal, yo trete yo tankou esklav modèn, epi yo anpeche yo revandike, ni pale sak pa fè yo byen.

Nan peyi nou tou 1e Me se fèt agrikilti, men helas agrikiltè nou yo ap travay nan pi move kondisyon lavi pou rive tire nan kè sote ak nan lakras ti moso rekot nan sa yo plante paske dirijan nou yo pa bay agrikilti regle anyen pou yo. Se enpòtasyon ki gen priyorite sou agrikilti peyi nou.

Pi mal toujou jèn travayè ak travayèz ki nan sektè enfomèl la tankou chofè moto, madan sara ak tout lot jèn kap mennen yon ti aktivite pou yo pa peri nèt anba move lavi, moun sa yo lage pou kont yo san pyès dwa ni pwoteksyon sosyal paske yo pa menm egziste pou leta.

Pi mal ankò, ouvriye, ouvriyè se byen bonè yap kite kay yo pou pran wout al travay, anpil fwa yo viktim anba men bandi, yo agrese yo, yo kidnape yo, tout bagay sa yo pa vle di anyen pou patwon an paske lavi moun pa enpòtan, nan sistèm kapitalis sa se lajan ki prime sou sante ak vi moun.

Se pou sa jounen 1e me sa JOK Ayiti ap ankouraje tout jèn travayè, travayèz, ouvriye, ouvriyè pou yo mobilize pou prezante revandikasyon yo. La Jenès ayisyèn nou se fòs peyi a, nou se avni peyi a, nou pa dwe kite sistèm peze souse sa ap fini avèk nou san n pa leve kanpe poun di non fok sa kaba.

JOK Ayiti pwofite jounen sa poun denonse zak Kidnapin kap fèt chak jou anndan peyi a, ki anpeche moun viv kòm sa dwa, e mete jenès ayisyèn nan ki deja nan chomaj nan plis difikilte pou jwenn travay.

Kidnapin anpeche moun sòti nan pwovens pou vinn travay nan kapital peyi an kote tout bagay yo deja santralize, nou pwofite leve vwa nou poun di fok Peyi a desantralize.

Kidnapin nan kraze biznis moun ki tap fè efò, e l mete plis moun toujou nan chomaj.

Kidnapin nan kreye plis mizè nan fanmiy yo nan pote kòb ale kòm ranson pou liberasyon.

Kidnapin nan bay estres, anpil moun ap viv sou tansyon, fizikman, mantalman moun yo afekte.

Kidnapin marye ak chomaj fè anpil jèn ki gen talan, ki gen konesans pati kite peyi a al pase mizè nan peyi etranje.

Pwoblèm enfrastrikti ak bon jan ekipman pou travay tè nou yo anpeche nou jwenn rezilta pou pwodiksyon nasyonal la.

Depi yon peyi pa pran bon jan dispozisyon pou bay pèp li manje se lave men siye atè, se politik de grenn goch, se demagoji, se sistèm peze souse.

Gen anpil timoun ki kite lekòl, gen sa ki kontinye lekòl men ki paka etidye byen paske yo viv ak kè sote anplis ankò yo pa wè avni yo nan peyi a.

Nan sans sa JOK Ayiti ap di non a zak Kidnapin kap fèt sou pèp la, sou jenès ayisyèn nan ki deja ap soufri nan chomaj e move kondisyon travay.

Nou di non a zak Kidnapin ki pa respekte okenn moun, okenn enstitisyon, lekòl, legliz, lopital, antrepriz prive, lavi tout moun menase, pa gen moun ki an sekirite nan peyi a.

Antanke mouvman kretyen nap mande mouche leta ayisyen pran responsabilitel ak sistèm peze souse ki marye ak kidnapin ki anpeche moun viv byen nan peyi an.

Ann sispann zak Kidnapin poun met tèt ansanm poun sove Ayiti. Ayiti se pou nou tout ayisyen, nou tout gen dwa poun viv ladanl san kè sote, poun kreye yon klima estab pou plis moun kapab envesti konsa nou va gen plis jèn kap travay nan peyi a.

Kowòdinasyon nasyonal JOK Ayiti.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.