PAPA M SE WA ! MWEN SE ERITYE TWÒN LI !
Madi 27 avril 2021 ((rezonodwes.com))– Lè m te timoun; youn nan chante yo te konn chante legliz; sitou nan reyinyon priyè kay moun, nan jèn, vèydenwi ak nan kèk sanntyè, mezon priyè ki te toujou make m se yon chante ki di « PAPA M SE WA, PAPA M SE WA, PAPA M SE WA. » Pi fò moun ki te konn nan priyè sa yo, se moun ki pa konn li yo te konn rele tèt mare. Mwen te pran anpil tan, anpil refleksyon, chita pale ak frè, sè Pwotestan ki te konn mete baka deyò, e ak anpil rechèch, pou m te konprann kijan « PAPA M FÈ WA », alòske papa byolojik mwen te yon senp Kaporal, chofè taksi Jon nan MANHATTAN ak evanjelis nan peyi ETAZINI.
LABIB di : mennen timoun nan kay BONDYE, lè yo vin gran, yo pap detounen; y ap gen bon konprann pou yo mache nan dwati. Mwen kwè paran m fè yon travay ak mwen ki eksplike poukisa tèt mwen di e mwen pa janm flechi sou konviksyon m paske yo pat konn enpoze m anyen. Sèl sa yo enpoze m, se al Legliz chak jou BONDYE mete; li mèt se pou 2 zèd tan. Kay Frè Maurice se tankou se te dezyèm kay mwen. Depi w fin etidye bò 6 zè; fòk ou benyen, soti Dimanch pou rive Dimanch pou w al nan sèvis. Lè Vandredi, w ap chache alibi pou w ret lakay pou w ka gade Languichatte Debordus.
Menm lè m te konn al an pwovens kote granpapa m te konn fè sèvis lwa; mwen pat janm patisipan nan aktivite sa yo paske yo te respekte fwa papa m ak manman w e yo pat janm kite m wè anyen; men timoun fouyapòt, je m nan twou pòt ap gade; zòrèy mwen ap pran son e kè m ap bat e m ap chache konprann chante yo e aprann chante yo tou. Si w leve nan bitasyon kote moun pa sèvi lwa; men se lwa ki sèvi yo; w ap reyalize yon seremoni vodou sanble tèt kopi ak yon reyinyon priyè yo fè legliz. Rityèl yo pa diferan. Nan peristil gen banyè; nan sanntyè pwotestan gen banyè tou, e chak gwoup gen banyè pa yo. Lè y ap ba w sèvis, maten kou aswè, fòk ou mete banyè a devan kay ou pou tout moun konnen gen priyè la.
Li pranm anpil anpil rechèch pou m konpare Vodou, KATOLIK, PWOTESTAN (Cultes Réformées) ak Lame selès. E, mwen kwè liv pa ta fouti aprann mwen sa m aprann anba bouch, nan obsèvasyon ak echanj ak grandèt, ongan, manbo, prèt katolik, pastè Pwotestan, franmason, ets. Jodia, pa gen ti blofè LOKSIDAN peye e enstrimantalize k ap fè m krache sou mòddevi granparan m t ap mennen, ni edikasyon KATOLIK ak PWOTESTAN mwen resevwa ni fòmasyon ezoterik kèk pwofesè te banm nan tout vi m. Jounen jodia, kè m fè m mal pou ti jeunes yo ki dekonekte ak grandèt yo ki pa chita sou dodin ankò pou ap tire kont, rakonte istwa, fè w pè anvan w domi; fè w konnen dyab kay manje w si w fè dezòd, foure dwèt nan manje, vòlè kòb nan pantyè.
Gendefwa, m ap mande m kisa lavi m t ap ye si m pat gentan viv e konnen 3 nan 4 granparan m yo ki gen merit yo nan fè m konprann tout fasèt nan lavi.
Ann tounen sou zafè PAPA m se Wa sa. Se paske se Prens ki fè yo fè m tounen esklav pou yo ka fè m bliye kote m soti. Se paske tè kote m fèt la sakre ki fè yo fè l tounen yon latrin pou m pa wè bote li e pa kale kò m. Se paske kote Paran m yo soti yo se yon kote ki sakre, SENMAK, ki fè LETA HAÏTIEN kite yo fè l tounen yon depotwa fatra kote ou jwenn mache, moto tout kote, moun pil sou pil. Nan lanne 80 yo ak koumanman 90 yo, tout moun te konn tout moun sou yon katye, sitou an pwovens. Lè w se notab nan yon zòn, ou dwe toujou gen yon tab ki gen kafe, bwason, dlo fre; menm manje si se nan lè pou moun manje. Yon notab te yon ti wa k ap jere zòn kote l ye a.
Konviksyon m ke PAPA M SE WA a fè n toujou mache ak fyète; menm lè pwòp dirijan m konplote ak letranje pou fè peyi m tounen yon lanfè. Janklod Divalye, Nanfi, Préval mwen pa detounen nou sou wout nou. PROSPER AVRIL, ARISTIDE, FONDATÈ LAVALAS KAKA, MARTELLY, FONDATÈ PHTK, PÈP HAÏTIEN TOUNEN KAKA, JOVENEL MOÏSE, NÈG BANNANN NAN K AP FOURE BANNANN NAN TWOU BOUDA MOUN PASKE K SE MASISI E AJAN DYAB K AP FÈ PWOMOSYON MASISI AK CHAWONY. Na remake ke vizyon kaka a toujou prezan, depi 1986. Mwen pap monte pi lwen paske n pat la nan lanne 40, 50, 60, 70 yo; mwen pale sou sa m obsève ak viv.
M ap viv pou m wè fen tout bandi ki rantre nan konplo pou simaye vizyon kaka a nan peyi PAPA YAHWEH bay zansèt nou JEAN JACQUES DESSALINES ki te konnen byen li se Pitit Wa, desandan ABRAHAM, DAVID ak SALOMON. Mwen pap pèdi tan ak pyès bandi k ap mache nan vizyon kaka a paske m konnen SATAN, LISIFÈ se papa yo. PAPA M SE WA, mwen se prens; m ap kontinye vizyalize WAYÒM PAPA M nan chak jou paske m konnen l ap tabli kanmenm e verite gen pou blayi.
PEYI KOTE M SOTI A SE YON MÈVÈY; SE LÈT AK MYÈL K AP KOULE, BÈL SOLÈY, BÈL LANMÈ; BON JAN KOKOYE AK MELON POU RAFRECHI LESTOMAK; BON JI MABI KI POU JELE KÈ NOU; BON JAN KÈNÈP POU N SOUSE; BON JAN MANGO FRANSIK, KÒN, MADAN BLAN POU N DESANN TWOU VID NAN VANT; BÈL LAKANSYÈL KI ANONSE NOU, TI LAPLI YENYEN ZONBI AP BAT MADANM YO PAP KRAZE MATCH FOUTBÒL NOU; BÈL LAGO DELI NAN ASWÈ; MONTE KAP NAN SOLÈY CHO POU NOU APRANN GEN REZISTANS; TEKE MAB, JWE TITATO, WOSLÈ, MÒPYON, DAMYEN, ECHÈK KI PÈMÈT APRANN ESTRATEJI POU W GOUMEN NAN LAVI E AK LANMÒ.
Mwen pap janm bliye kèk konpatriyòt kou JOËL DEEB, PRÈT MAX DOMINIQUE, anpil ongan, pastè, franmason ki entwodwi ak anpil gwo potanta nan LOKSIDAN ki pral bann prèv e ranfòse konviksyon ke m se prens e PAPA M SE WA. Jenerasyon ki fèt apre 86 la pap konprann sa m ekri la, podyab; men gras ak nou ki te gentan wè yon ti limyè; yon ti reflè Wayòm nan; nou ka fè vizyalizasyon pou nou materyalize WAYÒM nan sou tè sa ki se eritaj nou. Mwen bezwen mete BILOLO KONGO, yon analfabèt fonksyonèl ki gen gwo bibit, gwo lestomak, men yon ti sèvo zwit, ak Pastè JEAN FILS AIMÉ, afè pa m ke m pap kite dyab manje chita pou m pale yo de WAYÒM pou yo ka sispann pale koze kredi. Mwen, Kerlens Tilus, chak jou m dòmi, mwen vwayaje anndan Wayòm nan; mwèn fè 10 zan, soti 2009 rive 2019 ak yon twoub vizyèl kote je fizik mwen fèmen; e je espirityèl mwen ap gade sa k ap pase nan monn paralèl yo ak nan WAYÒM nan; kote PAPA M SE WA A. MADANM MWEN KA TEMWANYE POU MWEN PASKE M TE KONN DI L SA M WÈ LÈ M PÈDI VIZYON E MWEN KONN RAKONTE LI KIJAN WAYÒM NAN BÈL E FONKSYONE.
Si w vle konprann tout sa m sot ekri la, telechaje sou telefòn ou, òdinatè ou, achte « LE LIVRE D’URANTIA » ak yon BIB AYISYEN k ap ba ou yon lide sou WAYÒM SA A ke PAPA YAHWEH revele ak anpil nan nou ki pa kanmarad pyès masisi rasis ti blofè k ap pran pòz otorite yo, alòske se chèf yo ye, yo pap janm otorite paske yo fèt esklav, y ap viv nan esklavaj sans e y ap mouri kòm esklav espirityèl.
Mwen sonje nan yon rankont JOËL DEEB te envite m pou m fè yon prezantasyon sou HAYTI envizib la, LAKAY YAHWEH a bay PREZIDAN DONALD JOSEPH TRUMP ki te di Haïti se yon peyi latrin paske se atè sèlman li gade kòm nèg ki nan Dimansyon 2; mwen te di misye n ap rezève yon ti mòso tè pou li si l bannou sa nou bezwen kòm aksè nan tout ajans gouvènman federal meriken yo pou nou goumen pou peyi nou, HAYTI=ITYAH= MAISON DE BÉTHEL, LAKAY BONDYE. PREIZIDAN TRUMP te di m: « MR. TILUS, I am HAYTIAN by adoption; all my life, I have been surrounded by smart, wonderful HAYTIAN; I was raised in Queens where prominent Haytians lived in the 50, 60, 70s. »
Tande, ti frè; si w wè Haïti kòm yon latrin ki pap janm chanje; se paske w panse kaka, ou manje kaka, w ap mache nan tenèb; kè w sal, men w sal e ou se pitit SATAN, ou kwè nan tout fatra bandi satanis LOKSIDAN ki di li kretyen, men ki pa konnen KRIS la bawou e foure nan tèt ou. Mwen, depi m timoun, m ap fè gwo rèv ki banm konviksyon ke m se PITIT WA, tout lavi m, mwen tande chak jou, yon sèl pawòl, PAPA M SE WA. Lamitye; se pa fou m fou ni mwen nan ilizyon. Reyalite pa m nan: Mwen te viv yon ti reyalite WAYÒM nan kòm Eskout, jenn kretyen ki vizite tout DEPATMAN yo, tout gwo vil yo, e kòm peleren mistik travayè limyè, jadinye latè sèvite ki mache konnen, fè reyinyon mobilizasyon, planifikasyon ak mistik nan tout komin yo.
Di Misye Ady Jean Gardy pou mwen souple, chèf masisi k ap mache bay gwòs epi FKD, sispann pale fatra. Nou konn tout Vòtèks yo; e bòn mistik pa andwa, men moun ki vivan ki gen SO PAPA YAHWEH nan fwon yo. Sou trak sa a, m ap salye yon GWO TONTON HAYTIEN ki rele PIERRE RICHARD GUILLAUME ki gen plis ke 10 zan depi li konsakre vi li jan KREYATÈ a, PAPA YAHWEH mande li, pou li fòme pèp la pou li fè li konnen ke li se PÈP CHWAZI, YON PATI NAN IZRAYÈL, E LI DWE KITE MALFEKTÈ POU LI TOUNEN JWENN KREYATÈ A. PRG, mwen pa gen kòb pou m ba ou; men m ap kontinye priye pou ou pou BLOCUS ant mèt espirityèl yo k ap fè divèsyon ak mesaj yo ba yo pou pèp BONDYE a ka toujou lage 2 gidon nan wout espirityèl la ki pa gen blokis. SHALOM frè pa m, bon e fidèl mesaje e sèvitè. Depi lè m te fin wè bèl entèvyou ou te fè ak pwofesè Daniel Mathurin plis ke 10 zan de sa ; mwen te di tèt mwen, jounalis sa se yon chwazi e yon eli. PRG frèm, kenbè fè m e w ap rive, pa devye.
Mezanmi, fòk mwen ale. Sonje m se HAYTIEN, PAPA M SE WA, e si w se, HAYTIEN tou, PAPA W SE WA, e menm jan ak mwen, ou se Prens, Prensès eritye WAYÒM SELÈS LA, IZRAYÈL. KWÈ NAN PAWÒL SA, FÈ VIZYALIZASYON AK PWOJEKSYON, MACHE NAN SANTIBON ; PANSE POZITIF ; AJI BYEN AK PWOCHEN OU, VEYE, PRIYE, LI BIB AYISYEN OU, E OU VA GRANDI E DEVLOPE JE ESPIRITYÈL K AP PÈMÈT OU WÈ WAYÒM LAN KI NAN SYÈL LA K AP DESANN SOU MONTAY SIYON AN KOTE JEZIKRI PRAL RENYE POU MIL AN !
AMÈN ALELOUYA!
NAMASTE! SHALOM!
EKIPJEZIKRIPATOUJOUCHANPYON! PA MOLI ; KENBE FÈM ; OU SE PITIT WA !
KERLENS TILUS. 04/26/2021
TEL : 631-639-0844