16 juin 2024
Matris liberasyon anonse li apiye mach medsen yo ap fè dimanch 7 mas la
Actualités Société

Matris liberasyon anonse li apiye mach medsen yo ap fè dimanch 7 mas la

MATRIS LIBERASYON : Nòt pou apiye Mach Medsen yo

Samdi 6 mas 2021 ((rezonodwes.com))– Matris Liberasyon konstate depi 7 fevriye  2021, dat ki konsakre fen manda Jovnel Moyiz la, yon eskalad vyolans ap travèse sosyete a. Krim, egzekisyon, kidnaping miltipliye pa 5.

E viktim yo jeneralman toujou soti nan : klas popilè yo, nan klas mwayèn nan sitou nan kategori sosyopwofesyonel k ap debat pou viv. 

Nou rive nan yon kafou istorik nan listwa nou kòm pèp. Si nou fè bak, kriminel PHTK yo ap touye nou grenn pa grenn, pitit nou p ap gen avni e diktati, gang ak koripsyon ap blayi kò yo tou patou nan peyi a.

Konsa, Matris Liberasyon pran desizyon sipòte tout inisyativ, Mach – grèv- konferans – sit in elatriye, k ap mande depa Jovnel Moyiz ak PHTK sou pouvwa a. 

Tout manb ak senpatizan Matris la kore 100 pou 100  Mach Medsen yo, pwofesyonel lasante yo ap fè jou dimanch 7 mas 2021 nan memwa doktè Pady ak mis Mentor. N ap mache, n ap chante, n ap fè tande vwa nou ankò kont diktati, koripsyon, kriminalite ak kibnaping nan peyi a.

Nou mande tout sektè, tout moun alawonbadè patisipe an mas nan mach medsen yo jou dimanch 7 mas la.

Nou gen obligasyon batay ansanm pou ansanm nou sove peyi sa a k ap degrengole avek bann asasen PHTK sou pouvwa a.

Randevou kase sou beton an dimanch 7 mas bò kote medsen yo

NOU SE MATRIS!!!

Peut être une image de 2 personnes et nourriture

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.