Moun Kafou lanse operasyon  »desann vit tente » pou konbat kidnapin

0
2690

Mèkredi 27 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Abitan komin Kafou leve kanpe kont kidnapin. Yo desann nan lari e lanse yon  »operasyon desann vit tente ».

Dapre manifestan yo, se nan machin vit tente pifò kidnapin yo fèt e se sa ki lakòz bandi yo konn ap pase ak otaj yo nan mitan tout popilasyon an san yo pa sispèk.

Se konsa, depi yon machin vit tente ap pase nan lari a, yo oblije li desann vit yo pou yo ka enspekte e gade si pa gen moun yo anlve ladan l.

Manifestan yo menase pou fè pi gwo mouvman. Yo di si kidnapin pa sispann y ap bloke tout biwo leta nan Kafou.

Mouvman sa fèt apre bandi ak zam yo pa rive idantifye te kidnape yon predikatè nan Legliz “Kay an Kay” nan Akachon, Julbin Robuste (frè Giovanni).

Otaj la, ki gen 33 lane e ki gen 4 pitit, te sou yon motosiklèt nan zòn Wout Ray ak Bizoton lè yon machin mak Toyota kwaze devan l epi pote l ale.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.